302 10 4MB
Haitian Creole / Kreyòl Ayisyen Pages 177 [182] Year 1990
SOMERVILLE PUBLIC LIBRARY
n o N 9422 03869 3 1550
2
bad .O
=,
YA
(Ok
AN
O'
£
.X
“0. Chin
d gen YO
O
e
ABP 4672
|
Félix Morisseau-Leroy
DYAKOUT l, 2, 3, 4 FRENN ZUI CE O
SOMERVIL LE Haitiana Publications Inc. ` PU BLle, 170-08 Hiliside Avenue, Jamaica, NY 11432
OCT 0 4 1995
LIBR RARY '
Copyright 6 1990 Félix Morisseau-Leroy All rights reserved Library of Congress Catalog number: 91-070 739 ISBN-944987-69-9
|
Printed in the United States of America
Cover design: FRAKA Photo: Jean-Yves Urfié
|
Haitiana Publications
|
170-08 Hillside Avenue, Jamaica, NY, 11433
(718) 523-0175
|
Félix Morisseau-Leroy (Moriso-Lewa) fèt Grangozye. L al lekòl Jakmèl, Pòtoprens, Nouyòk (CUNY, New School for Social Research, Columbia University, MA 1943. Li vizite yon kantite peyi, li kontre yon bann grannèg, li li yon pil gwo liv, wè gouvènman monte, gouvènman tonbe, tande tout kalite koze sou sa k fèt ki pat dwe fèt, sou sa ki pa fèt ki te dwe fèt. Moriso gen chans li pase douz an l ap frekante moun bò kote li fèt la, tankou li pral frekante lòt moun nan lòt vil kou Laavòn, Kito, Pari, Lond, Atèn, Abome, Akra, Daka, Bèlen (Wès e Ès), Prag, Boudapès, Vasovi, Moskou, Alje, Kenston, etsetera era. Moriso-Lewa rive fè rekonèt lang pèp ayisyen an nan tout peyi, yon literati kreyòl ki di tout sa l vle di. Se tout fyète l.
DYAKOUT 1
Kristyan Bolye o,
M ap ekri yon liv kreyòl M ap ekri pou ou Pou tout moun ou te renmen M a voye l Lamatinik M a voye l Lagwadloup Voye 1 Lagiyan Voye 1 Lil Moris pou yo li l Ma voye l Lalwizyan tou Mali] nan radyo pou tout moun tande M ap ekri yon liv nan lang pa m Mesye a yo mèt ri M konn sa m ap fè M gen 2 ou 3 bagay pou m di M gen yon koze pou m koze Ak moun pa m M bezwen moun pa m konprann Pawòl m gen pou m di la a M bezwen nèg pa m tande LT
Yon koze k ap pale depi kèk jou M gen yon istwa pa m pou m rakonte Nan jan pa m. Gade nou Gade n byen Ou wè koulè n
Ou pa kapab di nou reskonsab Sa k ap pase depi 2000 ane Nan tout lòt peyi la yo Men nou kapab gen kichòy pou n di tou Kite n wè si n pa ta fè yon kou tou Nou gen lang nou Nou gen mizik nou Danse pa n Nou gen peyi pa nou An n seye san gen la a Pou n wè sa k arive.
Nou tout, nou pale kreyòl Gen 2 ou 3 mesye k pale franse tou Yo konprann bèl franse se lespri.
Mwen menm m ap ekri kreyòl Sa k pa kontan ... M gen yon dyakout koze Pou n koze
JANN
|
|
wa
n
Yon pakèt zafè
|
Pou n gaye
|
Yon kokenn chenn eskandal
|
Pou n pete.
|
Sa pap pase konsa Se pou tout moun koute. M ap di jan nou move M ap di jan nou bon M ap di jan nou lèd Di jan nou bèl Di jan nou jenn Jan nou vye Jan nou rayi lòt
|
| |
|
Nou renmen lòt
|
Nou chante danse Nou redi travay.
|
Kote ou pran nou tris la? Nou pa pi tris pase lòt
|
Sèlman lè n ap ri
|
Yo vle kriye Yo vle ri
j |
Lè n ap kriye
|
Kan n ap bat tanbou Se pa menm bagay Lè sa a, nou pa nou
| |
E plis nou pa nou
Plis nou se nou
Kan tanbou bouyi Bagèt ap tonbe sou po kabrit Pi dri pase lapli Nou pa nou E nou se nou Tanbou pran nanm nou Li brase si tèlman Li chavire n li drese n Nou pa fouti tonbe Lè konsa, nou se nou.
Se bon
Se bon, jij Se bon, pè Se Se Se Sa
bon, depite bon, gran prevo bon, Anprè w vle m di w
Se bon
Sa m kapab di Se bon
Se bon, jij Jije m Kondane m Akite m
Se bon, pè Batize m
Konfese m
Konminyen m Konfimen m Antere m Chante libera m
Se bon, depite Bat do m
Vote pou ou Se sa
Manje manje m MON a(PS
Domi nan kabann mwen
Pitit fi m ap fè kafe Ala bon bòn atoufè Sa ta fè lavil Se bon Polis o!
Kale m, polis riral Baton san memwa
Se bon polis Arete m
Lage m anvan eleksyon Se bon, uisye
Se bon, apantè Degèpi m Desantdelye m Sa pou m di pase sa Se bon M di: se bon
Se bon, depite M a sou byen sou Pou eleksyon Se bon, pastè Konvèti m Sivilize m Se bon Di m pawòl: frèrrr la... Di 1 ankò Mete m nan folklò
Fè liv ak mwen Achte m bon mache Vann mwen chè Se bon.
Wk LÈ
Ektò Ipolit mouri! Ipolit mouri! Popo mouri! Mezanmi! Gade je li Gade chive l Gade men 1 Ektò Ipolit mouri! Ki kote ou kite penso la yo? Kote ou kite bato a? O! Sa na di Magrit? Ektò Ipolit mouri! Kriye kriye n, medam. Rele rele w, Lasirèn.
Bo fwon li. Ektò Ipolit mouri! Sa k a gade sobagi a la? Sa k a gade zanfan la yo? Sa k a sonnen ason an? Ektò Ipolit mouri! Popo te mennen nou Lamerik Mennen nou Lafrik Mennen nou a Pari Ektò Ipolit mouri! Gade non: Ektò Ipolit mouri! Koute non: Ektò Ipolit mouri! =ti-
... |
Li mouri
|
|
Li mouri. Rele, Lasirèn
/ |
Tout vèt pali Tout wouj blanchi Tout ble blemi.
|
Ektò Ipolit mouri! Fò n kriye
|
Popo mouri Fò nrele Popo mouri
Fòn di w Popo te gran Popo te bèl Popo te renmen nou Popo fè n antre nan Palè Popo fè n antre nan Linèsko Popo fè n travèse lanmè!
| | | j | | | | |
Nan Life, se Popo
|
Nan Vogue, se Popo Epi, li mouri
| |
Sa k a wete sa nan tèt nou? Sa k a wete sa nan kè nou?
| |
Ou pa tande pent lan mouri? Malè arive Sa fèt vre. De je lfèmen De men l rèd. Li pa ri. Li pa fache.
|
AN (e
j |
|
Popo mouri Pyebwa fennen Zwazo pa chante
Solèy pa klere Lalin pa leve Popo mouri. Kote lwa yo?
Kote lesen? Kote lèmò? Ektò Ipolit mouri! Agwe tire de kout kannon Pou Ektò Ipolit ki mouri Koulèv Madlèn la met tèt li Sou pye sèkèy la Ektò Ipolit Ektò Ipolit Voye nouvèl la Nouyòk Voye nouvèl la a Pari Voye nouvèl la Riyo Voye nouvèl la pou Magrit Voye nouvèl pou De Witt Li mouri ak penso l nan men] Ektò Ipolit mouri Li mouri tablo 1 douvan l Li mouri rèv li nan kè li Sa na di Fito? Sa na di Milo? Sa n a di Breton? Sa n a di Mabille? Ektò Ipolit mouri.
Oto a pa rete Anba laplenn
|
Oto a pase L kraze yon ti kochon Li pa rete
| | |
Se ti kochon laplenn Li pa rete
| |
Metrès ti kochon an
|
Soti gran chimen Li gade anwo L gade anba Oto a pa rete Li ranmase ti kochon l Oto a pa rete
| | | | | |
Anwo laplenn
|
Oto a pase L kraze yon ti nègès Li pa rete Se ti nègès laplenn Li pa rete Manmanti fi a Pete rele gran chimen an Li gade anwo L gade anba Oto a pa rete Polis riral
|
—
17—
! |
| |
Ta v ale pale nan pòs Ta v ale deranje kaporal Pou oto a ki pa rete Se timoun laplenn Oto a pap rete. Anba laplenn Tout ti medam la yo Ap lave trip Oto a pa rete Anwo laplenn Tout ti medam Apral chante kantik Oto a pa rete Anba laplenn Anwo laplenn Timoun kou granmoun Ap pale anpil Oto a pa rete Yo di: se oto Shada! Se sa k fè l pa rete Yo di: 1 sanble oto msye Lewa Men li ta rete. Depi ou tande se oto gran nèg Li pap rete Metrès ti kochon va reziyen l Oto a pa rete Tout moun ap fè griyo Anba laplenn Manman ti nègès pou konsole l Oto a pa rete
La fè bèl veye, bèl antèman
|
Oto a pa rete Anba laplenn Ti medam la yo ap lave trip Fè griyo Anwo laplenn Ti mesye la yo ap bwè kleren Chante kantik, jwe kat Oto a pa rete Pa deranje kaporal Oto fin ale
| | | !
Pou pitit fi 1san repwòch
|
j | | | |
Mouri jodi, mouri denmen
Metrès ti kochon an di: Ti kochon m sa a
|
Se tou sa m di.
|
Manman ti nègès la di: Jou va jou vyen
| |
M pa di pase sa
|
Anba pye mòn lan
|
Oto a chanje vitès Yon ti gason di: ala bèl oto
|
M ta fè lkraze m ak plezi.
|
l Société Haitiano-Américaine de Développement Agricole
|
—
19—
5
Touris, pa pran pòtre m Pa pran pòtre m, touris M twò lèd M twò sal M twò. mèg Pa pran pòtre m, blan
Msye Eastman pap kontan
M twò lèd Kodak ou a va kraze M twò sal M twò nwa Blan parèy ou pap kontan M twò lèd M a pete kodak la Pa pran pòtre m, touris Kite m trankil, blan
Pa pran pòtre bourik mwen Bourik isit pote twòp chay Bourik isit twò piti Bourik isit pa manje Pa pran pòtre bèt mwen Touris, pa pran pòtre kay la Kay mwen, se kay pay Pa pran pòtre joupa m Joupa m, se kay tè Kay la tou kraze
W Ale tire pòtre Palè Ale tire pòtre Bisantnè Pa pran pòtre jaden m M pa gen chari M pa gen machin M pa gen traktè Pa pran pòtre pyebwa m Touris, m pye atè Rad mwen tou chire Malè nèg pa gade blan Men, touris, gade chive m Kodak ou pa abitye ak koulè m Kwafè w pa abitye ak chive m Touris, pa pran pòtre m Ou pap konprann pòz mwen Ou pap konprann anyen Nan zafè m, touris
“Gi mi fay sens”! |
Epi, ale fè chimen w touris! 1 “Give me five cents”
a.
gen
|
| j | | |
Men jan sa te pase Jezi Kri te gen pou l mouri Tou sa ou ta fè
Se pou l ta mouri Pilat te bo di: non Kayif la pèsiste l si tèlman Yo kondane nonm lan Li pat manje depi de jou Feblès fin anpare l Pou l monte Mòn Olivye a Ak de branch bwa sou do l L tonbe l leve Pilat tap gade sa ak lapenn Tout solda women la yo la ap gade Se lè a yon nèg vin pase Simon Sireneyen Yon gwo nèg Kou Paul Robeson Vin ap pase Li gade sa kou nèg konn gade Pilat santi sa ki nan kè nèg sa a. Li fè sòlda a yo yon siy Yo tout tonbe sou Simon Yo bat li byen bat Epi yo di l: pran kwa a oupote l Simon pran kwa a ak yon men oo
e=
|JAM
| |
Li pran lnan men blan an Li kouri ak li Li tonbe chante
Li tonbe danse
|
Li danse li chante
|
Li kouri monte pi wo Li kite tout moun lwen dèyè Li retounen, li danse li chante Li fè kwa a vire sou tèt li
Li Li Li Li
voye kwa a anlè atrap kwa a pase l nan janm li voye l anlè
|
|
Kwa a rete danse anlè pou kò l
|
|
|
Tout moun rele mirak Kwa a desann ankò
Simon pran l Li danse kont li
]
Anvan l renmèt Jezi l
Depi lè a kou yon kwa twò rèd Kou yon chay twò lou pou blan yo Yo rele nèg vin pote l.
|
Epi nou danse, nou chante
|
Bat tanbou, jwe vaksin
|
Do n laj. Nou pran kwa, pran fizi Pran kannon ride blan pote
l |
Pran krim, pran peche
Ride tout moun pote.
mann DI —
Pou J.J.D. Anbwaz Mèsi, Desalin
Papa Desalin, mèsi Chak fwa m santi sa m ye M di mèsi, Desalin
Chak fwa m tande yon nèg koloni Nèg ki poko lib pale M di: Desalin, mèsi
Se mwen k konnen sa ou ye pou mwen Mèsi, papa Desalin Si m yon nonm Se pou m di: mèsi, Desalin
Si m ouvè je m gade Se gras a ou, Desalin
Si m leve tèt mwen pou m mache Se gras a ou, Desalin Chak fwa m gade lòt nèg M di: mèsi, Desalin
Lè m wè sa k ap pase lòt kote M di: mèsi, Desalin
Lè m tande blan yo pale M di: papa Desalin, mèsi
Lè m tande kèk nèg parèy mwen pale M di: mèsi, papa Desalin
Se mwen k konnen sa ou ye pou mwen — 24—
|` JAM
—
We
|
Towo Desalin Desalin, san mwen
Desalin, de grenn jem Desalin, zantray mwen
Se mwen k konnen Se pou tout nèg di:
Mèsi, Desalin
|
Se ou k montre nou chimen nou
j
Mèsi Desalin
|
Se ou k limyè nou Desalin Se ou ki ban n tè n ap pilea Syèl ki sou tèt nou an Pyebwa, larivyè
| | |
|
Lanmè, letan, se ou Desalin, se ou k ban n solèy
|
|
Ki ban n lalin Ou ki ban n sè, frè n
j |
Manman, papa n, pitit nou
|
Se ou ki fè n yon jan, yon mannyè Nou pa kou tout nèg Si m gade tout moun nan je Se ou k ap gade yo, Desalin
j
Se ou ki ban n dlo pou n bwè Ou ki ban n manje pou n manje
| |
Mèsi, papa Desalin. Epi, se ou ki ban n kay pou n rete Ou ki ban n kote pou n fè jaden Se ou k montre n chante Ou k montre n di: non —
25 —
Yo di gen nèg ki di: wi, wi, Gen nèg ki di yèssè, Ou montre n di: non Desalin, montre tout nèg
Tout nèg sou latè di: non Mèsi, papa Desalin Gen nèg ki vle esplike: “Tan jodi pa tan pase E ke wi alèkile La fraternité humaine L'humanité, la civilisation” Tou sa, se franse Mwen menm, se Desalin m konnen M di: mèsi, papa m
Se ou k fè m Manman m se pitit ou Ti gason m, ti fi m, se pitit ou tou Mèsi, Desalin Pitit pitit mwen, se pitit ou Wa Desalin, mèsi
M pa bezwen pale pou drapo a! Pa bezwen pale pou Lakayè Pou Gonayiv! Yo di sa deja E ki moun k ap tande sa ankò? Mès rekwiyèm 17 Oktòb? Ki moun ki pral Katedral? Diskou Minis? Ki moun k ap koute sa? Men, sa m di la a
|AM Se yon sèl mo: mèsi
|
Mèsi Desalin papa m
|
Gen moun ki pa konnen
|
Fò m di yo San ou nou pa ta la a Mèsi, papa Desalin
]
Epi, fini ak Patè Nostè w la a
|
Monseyè, Desalin pa mouri
|
Ase pale franse, minis Desalin pap janm mouri
j
Desalin la Nèg sa ata kapab mouri! Desalin nan kè m Lamopye Desalin ap veye
j | | | |
Yon jou, Desalin va leve
Jou sa a, nou tout n a konnen N a konnen si 1804 N a konnen si Lakayè N a konnen si Lakrèt-a-Pyèwo N a konnen si Vètyè
| | | |
Desalin te fè tou sa
|
Pou ti nèg ekri pwèm Pou minis fè diskou Pou pè chante Te Deoum Pou Monseyè bay labsout Desalin pa bezwen labsout Tou sa Desalin fè bon Yon jou Desalin va leve W a tande nan tout lanmè Karayib
] l |
e
Y ape rele kote l Desalin pran lèzam Arete l Lè a, w a tande vwa l kon loray Tout nèg koupe tèt boule kay W a tande nan tout Lamerik Y ape rele: rete l Vwa Desalin deja nan radyo Koupe tèt boule kay Nan tout Harlem, Desalin ap mete lòd W a tande: bare Desalin Jouk Dakar Jouk Johannesburg
W a tande: kote Desalin pase? Koupe tèt boule kay Desalin pa bezwen labsout Pa bezwen padon Bondye Okontrè: Desalin se bra Bondye Desalin, se jistis Bondye Pa bezwen Patè Nostè Monseyè Ni eskiz nèg yo vle mande blan yo Desalin pa bezwen Pou tou sa l fè m di: papa Desalin, mèsi Pou tou sa l pral fè M di: mèsi, papa Desalin.
Aa 8
M prale fè yon ti vwayaj nan lalin Anba isit m bouke soufri Bò isit bagay la gen tan di M pral fè yon ti vwayaj nan lalin Yo di m la nan pwen sa Nanpwen bon moun vye moun Nanpwen nèg sòt ak nèg lespri Nanpwen moun lavil ak moun nan mòn Tout òm se lòm nan lalin Tout òm pale yon sèl lang M pa kapab ankò sou latè a Sivilizasyon ap pete fyèl mwen Sivilizasyon ap wete nanm mwen Kote ou vire gade Moun ap touye moun Sivilizasyon ap fini ak ras la M pral rete nan lalin Yo di m la bon Sivilizasyon fin pase depi lontan Moun la bliye move tan saa M pral fè yon vwayaj nan lalin Yo di m la nanpwen wa Nanpwen chèf seksyon Nanpwen jijdepè Nanpwen uisye Nanpwen pap seyè —
29 —
Fò m al fè yon vwayaj nan lalin E bèl yo di m la bèl Lannuit fè klè pase lajounen Pa gen lè pou nèg dòmi Pa gen jou pou travay jou pou banbòch Lannuit ou gade latè klere Latè klere pase solèy Zetwal tou pre w kou koukouy sou pyebwa Nanpwen chalè Nanpwen fredi Nanpwen mizè Nanpwen labou Tout nèg bliye lagè Bliye Sivilizasyon Kou granmoun bliye kòklich, Lawoujòl ak dantisyon. M pral viv nan lalin Leswa m a tire kont pou timoun Madi yo tout tan latè ap vire Gen yon gwo madanm Yon gwo lougawou fanm Yo rele sivilizasyon K ap kraze ti nèg kou foumi.
Lapli, tonbe, tonbe
Lapli, tonbe Tonbe, lapli Ala bèl lapli Tout bèt kontan Ala plante n a plante denmen Tout lannuit nou pral reve lakansyèl.
Me. |(È
10
Leogan-Difò
Chofè pa gen byen pou l wè Nuit kon jou Nou pa gen byen pou n wè Lapli tonbe Bèladè Larivyè desann Kay-Jakmèl Vakabon pa gen byen pou l wè Papa w plante jaden kaotchou? Vire tounen pyès derechany Nègès yo biye bèl wòb Timoun yo manje anpil Leogan-Difò Nuit kon jou Madan Sara, ou prale? Bèf chenn pa gen byen pou l wè Dòmi leve N pa gen byen pou n wè Gazolin pa dlo Monte non, makonmè
T.M.F.V.P. Tout Moun Fèt Pou Viv Kamyon make: Patou Si ou pa rive Okap M a mennen w Jeremi
Chofè pa gen byen pou l wè Leogan-Difò
Tèt mato, wete kò w Trafik sa a, pa trafik bogota
Malere pa gen byen pou l wè Chofè asfal, wete kò w M rele kamyon m: Dantèl Se nan Pas Mouye, n a wè
N a wè dantel jipon gwo medam M rele kamyon: Do Do La Kòm si malere te gen dwa dòmi Lè se pa pousyè se labou Tèt mato pa ka parèt isit Chimen m pase sou kote Pon Ou vle n gen byen pou n wè M ap woule sou kat wou kare De fwa, m ta met tèt mwen sou volan m
Nan yon pant Pilbowo M ta met tèt mwen sou volan m M ta dòmi jouk lane 2100. M jete m nan laliy Pòtoprens Se pa tout chofè ki ka fè laliy Se yon metye apa Gen boujwaz k ap monte nan machin ou Li kapab bliye bous li lakay li Gen de blan, blan touris ameriken Fò ou kapab pale angle ak li. E gen lòt blan ki fin tounen ayisyen Depi sa nan pale kreyòl Ou konn 2 gouden se 45 kòb Laliy se bagay ki difisil Pran woulib ON. ne
Nan bay yon ti woulib 2 ti woulib 3 ti woulib Lè w gade, ou rive kote ou ta prale a Men kan yon zanmi bare Li parèt devan w Nanpwen mwayen akselere A! Laliy Pòtoprens gen mèt li Chofè ak pyeton se youn ride lòt Fò yon nonm pa twò prese Y asifle w, y a pran nimewo w
Kontravansyon va fè w fè fayit Epi s ou pa vle mouri sou volan Fòk ou mennen kèk timoun pran van A! Sa a pa manke Gen menm twòp E de fwa yon gran nèg rele w Ou mande: Mèt, ou allez-vous? Li reponn ou: “Enben, m pral lwen
M a desann nan tèl kafou”. Lè sa a, se ou k pou konnen Pou w konprann si se razè Si se konbinezon, si se kamouflaj Si se politik, si se menaj A! Pa janm manke yon gran nèg Li pa gen lè pou 1 ap woule nan ofisyèl Ou la a, w estasyonnen
Ou pale pou kò w! Ou pale pou kò w! Kòb gazolin lan pa vle rantre Ni
W estat, ou gaz
Ou pa konn kote yon djòb mawon soti Lè ou fin depoze, ou touche Ou santi ou bèl gason Lè konsa, ou ranmase yon zwa N al pran van Moun ki pa konnen Yo di chofè laliy, se atis.
— 35 —
| |i
|
Pou Odnèl David
Bravo, maren, nou se gwo nèg Rele van, matlo, nou se gwo nèg
Kouray, se pan Grangou, se pan Akalmi, se pa nou
Solèy, se pan Lapli pa fè n pè Gwo van pa fè n pè Gwo lanmè, se betiz o
Tanpèt, se pa n Nofray, se pan Naje, se pa nou Koule, se pan Reken, se pan Mouri, se pan
Matlo, men solèy la dèyè zetwal Ann ale.
W
è.
lè
|
Yo di travayè pa gen dwa pran midi M pral pale pou yo Yo di travayè pa gen dwa pran midi M pral pale Bondye pou yo Yo di travayè pa gen dwa pran midi
|
M pral pale enjenyè pou yo
|
Koute: travayè pa gen dwa pran midi Fò m pale pou yo Tande: travayè pa kab pran midi
| j |
Ma val pale pou yo.
j
| |
Mesye, men chèfdekip la pikwa
|
Mesye, pikwa Pikwa pou chèfdekip Mesye, pikwa Pikwa non pou fòmann Mesye, pikwa Pikwa pou enjenyè.
|
Travayè pa gen dwa pran midi
|
M pral pale gangan m pou yo Travayè pa gen dwa pran midi M pral pale chèf la pou yo Bèt sal yo pa konnen midi Fò m pale prezidan pou yo Sanzave pa sa nan midi M a pale sendika m pou yo. (ea
|
Pou Doktè Prays-Mas
M dòmi, m reve m ale sou lanmè Tanpèt la bare mwen M dòmi, m reve m ale nan vwayaj Larivyè desann 0 M ape mande: ki bagay sa a? M ape mande: ki koze sa a? Lansavo, tè a tranble Tout bon: men, ki koze sa a? Miragwan, tè a tranble.
M dòmi, m reve m ape koupe bwa Manchèt mwen pa file M dòmi, m reve m ape koupe lyann Kouto mwen pa koupe M ape mande: ki pawòl sa a? M ape mande: o! Ki devenn sa a? Grangozye, kay mwen boule Mezanmi mwen: ki devenn sa a? Lagonav, joupa mwen boule. M dòmi, m reve m tape bwè bouyon Dan mwen rache M dòmi, m reve m tape monte chwal mwen Kòd li kase Ban mwen nouvèl: sa sa ye sa? Fò n mannyè di m: ki koze sa a? — 38—
A Nan Ginen jwèt la gate Nan Lafrik o! Zafè pa bon N a sonnen ason pou rele lwa yo. N anpil, anpil N anpil, anpil Anpil Anpil Kenya, Daomen, Togo N anpil, anpil Anpil Anpil
M dòmi, m reve sou lanmè m te ye Zetwal leve gran jou M dòmi, m reve nan peyi m m te ye Solèy klere lannuit Ou va di yo: malad la geri o Pote nouvèl la: mò yo pale o Lafrik kanpe: koute sa l ap di Daomen leve: tande sa l pral di Si lè a rive, ma sanble moun nou.
mi BÈ jw
e DYAKOUT 2
Mwen menm
ou menm
Mwen menm ou menm li menm yo menm Kan m di mwen se li menm Lè m di li se ou
Yo se mwen se li se ou menm Nou se nou menm menm Nou tout fin vye lèd Nou tout koupab kou inosan Ak yon peyi sou bra n Kou yon timoun malad.
PW... Me
Afich se zam M pa ekri prèm Pou zòt ak bouch yo kou bounda poul Vin resite nan salon Sa m ap di la a se yon koze Pou n lage nan radyo Laavan Pou tout pèp ayisyen tande Se yon afich pou n kole sou tout miray Pòtoprens Sou tout poto elektrik Jakmèl Sou poto telefòn depi Miragwan jouk Gonayiv Depi Wanament jouk Pilbowo Se yon gazèt pou n kloure Sou tout pyebwa nan Mapou Sou tout Forèdepen Se yon trak pou n simen Nan tout mache riral Grandans Sou tout wout Leogan-Difò Na fè ti kannòt papye ak li pou timoun jwe Nan tout Letan Somat N a vlope pwèv ak li pou kwizinyè k jwenn li Konn sa k nan tyò machann kenkay Ma voye l Lamatinik Lagwadloup Lagiyan Lil Moris Pou sa k ap lite la pa fin dekouraje nèt N a voye l jouk nan Ginen Bisao ON, l(Re
|
Pou yo mete l an poular Jouk Angola jouk Mozanbik Pou yo mete l an touge Kanta Vyetnam Fò n voye yon kantite Vyetnam Kote yon ti pèp fè B 52 tounen ranyon N a voye l Lalwizyan pou sòlda meriken ki li 1 Vire sou Pentagòn FM yo ba yo pou yo touye frè n yo Na voye yon bon pakèt nan prizon Kalifòni Pou Anjela Devis foure anba tèt li pou 1 dòmi byen Fò n jwenn yon jan yon mannyè Pou Toupamawòs la yo ganyen l tou Epi dwe gen yon mwayen Pou n glise 1Fò Dimanch Pou sa k pankò mouri konnen Bik saak nan menm laa Se zam m ap met sou tout lenmi toupatou.
Wòkfèlè M fou pou anti-kòminis pòv yo K ap tranble pou yo pa pataje Sa yo pa ganyen ak lòt moun Ki krè yon sanzave kon mwen M kapab gen menm tèt chaje Ak Nèlsonn Wòkfèlè Ki pap gen anyen pou l pèdi lè kominis Pran peyi meriken Li ka toujou ale gade ti tablo l Nan mize piblik lit lit Kan tonton makout Pòtoprens wè Nèlsonn Yo rekonèt li tousuit Yo di se nèg pa nou sa a.
eee
.
W
Pye atè Yo mete m deyò Fò Dimanch san sentiwon Pye atè M di kite m jete m nan foul Gran Ri a Gran Ri te vid kou savann dezole Men tonton makout nan chak kwen Ak fizi revòlvè Move kou kong
Yon pòv malere k ap mache San soulye sa ou kapab di l
Epi m sonje yo defann mache pye atè
|
| | | | | ]
| |
|
Nan Gran Ri M fè sa pou m kouri Tonton makout anwo
Tonton makout anba
|
Yon nèg ki reyisi chape Fò Dimanch
Pouki lavi se yon degi Bondye ba li Gade m m pral mouri ak yon bal nan do m Pou dan ri.
| |
|
— 47—
Bèl syèl Jou sa a yo tap tire sou wout Petyonvil la Nou ta kapab tande jouk Vila Kreyòl Bri kò ki tap tonbe kou zaboka y ap kouyi Pitit gason n lan parèt nan yon djip Blenm kou lanmò Li te fèk pase sou wout la Manman l leve je l anlè Pitali di m Syèl la te si bèl.
Tonton Makout Yon ti bonnonm k ap jwe Grenpe sou yon branch bwa Manman lldi l pitit desann la a Yon tonton makout ki t ap pase mande l Ou vle m fè l desann pou ou li rale revòlvè l li touye ti nèg la.
OEA
|
Si ou wè yon bouzen yo rele OEA Kouri, pitit mwen Yon bouzen yo rele OEA an franse, OAS an angle, bouche nen w Kouri, pitit mwen Odè 1 se kont pou pwazonnen Lespri pitit pitit ou Si ou wè yon manman kannay yo rele OEA Mande pye sa m te manje Si yo nonmen non OEA douvan w Pa rete koute pase sa Grennen san gade dèyè Si ou wè yon restavèk yon tyoul yo rele OEA Pa rete tande sa li vle Bwaze kraze rak rele anmwe.
| |
|
Si Legliz Si legliz Si pap Si vatikan Pa fouti pwoteje gwo bèje l la yo Se pa ti mouton kou nou yo kapab sove M bouke wè vye granmoun sa a Ranmase tout byen m renmèt Anprè Seza Pou l vin rakonte m apre Se moun pa m li ye toujou.
Dans
Kou yon chwal anba kavalye Kou lanmè anba gwo van Kou yon zwazo k ap vole Kou yon pwason k ap naje Kou yon koulèv k ap file Nou danse lè n ap danse Nou danse lè kè n kontan Nou danse kan n gen chagren Kou pyebwa nan tanpèt Kou sòlda k ap goumen Kou timoun bèlmè y ap maltrete Kou yon fanm mari l ap bat Nou bliye tout bagay lè n ap danse Kou yon vye milèt k ap bwete Y ap fòse mache Kou vye krab bouke Y ap oblije trennen Kou yon kadav machwa mare Y ap fòse pale Nou danse nou danse nou danse Panyen n sou tèt nou nou pral nan mache Bourik nou douvan n N ap pouse l mache nan chimen jennen Nou danse danse toujou Kou yon zarenyen k pral sote Kou yon kòk ki pral chante 15
Kou matlo k ap goudiye Danse danse danse danse Nou danse lè nou grangou Danse lè vant nou plen Danse kan n ap travay Danse lè se banbòch Nan dòmi nou reve n ap danse Men denmen ak fizi nan men n Nou pral danse pou tou sa kaba
WA n
Sa klè Sa klè pou mwen sa klè kou dlo kòk Zafè nèg nwa ak nèg milat Zafè nèg ak blan Tonton makout milat pi rèd Pi rèd ankò pase sa k nwa Sa klè pou mwen kou dlo kòk Yon kochon vòlè ansasen kou Masferè M pap kite l vin chita Ayiti Pou anmède Fidèl Kastwo M ap konpoze chanson pou Nèlsonn Manndela Pou l pa mouri toufe nan prizon Robenn Aylann Lè l tande Hasting Benda ap tete lang Ak Apatayd M ouvri zam zou Moyiz Tchonmbe Pandan menm li sot Vatikan Chaje koule ba ak endiljans plenyè Sa klè pou mwen kou dlo kòk Ak vye po m plen twou bal Yo tire sou mwen Sen Domeng Yo tire sou mwen Pòtoriko Yo tire sou mwen Atlanta Yo tire sou mwen Pretorya Ak vye kò m plen mak kou Yo fout mwen toupatou M pral dòmi douvan pòt Kwame Nkwouma Konakri = —
Pou nèg nwa ak nèg milat Pa met ansanm ak blan LOTAN yo Pou touye l.
Chwal mwen sele Gen de fwa m pa mwen menm Gen yon lwa bosal k ap danse nan tèt mwen Yon lwa chagren k ap frape m atè Lè konsa m pa mwen menm Gen yon manman tanbou k ap bat nan kè m Yon michan vodou k ap danse nan kò m Lè konsa m pa ka di darling M a rele w zanmi-kanmarad Si ou pare kenbe men m Gen yon lwa revolisyon k ap bouyi nan san mwen Chwal mwen sele M prale Yon lanbi revolisyon ap rele m Si ou gen kouray kenbe men m Chwal mwen sele Ann ale.
FONN -ySAA
Enstriksyon sivik Fò n ekri yon lòt enstriksyon sivik
derespekte pap la rele madichon sou tèt LOTAN kriye chalbari dèyè Etazini Se twa premye leson pou tout timoun lekòl aprann soutni Kiba
tann pèlen anba pye tout lenmi Lafrik yo renmen Vyetnam pase manman n ak pitit nou Se twa devwa pou granmoun kou timoun Pa janm bliye Premye mo pou m montre pitit fi pitit mwen an Ki fèk fèt la Se Vyetnam.
Antigòn Kite m ak Antigòn M gen de mo pou m di ak li Pa bezwen kriye pou Antigòn Pou mouri l abitye mouri Se jodi Antigòn ap mouri Nan tout kafou Nan tout teyat Depi 2500 zan y ap bat bravo Pou yon ti fi ki konn ki jan pou l mouri Lese m ak Antigòn Ale pale ak Emon Ale konsole Ismèn Ale pale anpil kou tout moun Yo di se peyi a ki plen devenn Yo di Antigòn se te fanm Polinis Se fanmi an k konsa Sa yo pa di sa yo pa di Ala pèp pale anpil Wa Kreon fèk vòlò kadav Polinis Ankò nan Kafou Tifou L al vòlò kadav Polinis Dèyè lakomin Jeremi L al vòlò kadav Polinis Jouk sou plas-dam Pòdpe Koute m byen Tigòn Se pa kapab ou menm k ap mouri tout tan — 58—
Yon jou pou chasè yon jou pou jibye N ap met ansanm pou n chanje plak la Aswè a sa pap pase konsa Aswè a nou pral pran pat Wa Kreon.
Chouchoun Kou m gen kochma Se tonton makout m plede reve Lòt jou m reve Y ap fè m pote sèkèy mwen sou do m Tout moun ap ri m nan tout lari Pòtoprens Gen 2 ou 3 nèg ki pari Lòt jou m reve Y ap fè m fouye twou m nan simityè Tout moun ap ri m nan televizyon
Gen 2 ou 3 fi ki pari Lòt jou m reve Ploton makout ap pare pou fiziye m
Tout moun ap griyen dan yo Gen yon vye madanm ki pap ri Ti nèg ak ti nègès sa a yo Si m pale pase sa dyab a pran vwa m Vye granmoun lan Se Chouchoun Fandal Yo te mennen vin wè makout fiziye 5 pitit gason l nan lari Gran Gozye. — 60—
Jak Aleksi Sa m kapab di Sa m janm kapab ekri Ki ta vo kouray Jak Aleksi
Yo bat li jouk grenn je l Sot tonbe nan men l Li tap di n toujou kenbe M viv pou m kenbe M ekri pou m kenbe An nou touye lawont Pou lawont pa touye n.
Toutouni
Ala m ta kontan Si lapli te tonbe Pa pito yon gwo lapli Yon lapli ak loray Te met tonbe la a Jan m ta kontan
Si lapli te tonbe Lave tou sa byen lave Gen yon sechrès Ki fofile lnan zo m Si lapli te vini Lave tout peyi a byen lave Lave syèl la pye flanbwayan yo Lave tout san tout krim yo Lave yon gwo lawont Ki fin anvayi kè m Yon lapli chen bwè dlo nan nen Ki trennen nan lanmè Tout salte tout debri yo Yon michan lapli ak zeklè loray Kou yon revolisyon Fò m ta benyen toutouni Toutouni nan lapli sa a Yon gwo lapli ak lavalas inondasyon K ap bwote nan lanmè Niksonn Djonnsonn Nelsonn € son Jan Klod —f
Gra kou yon makout chat nan bra yo Fò m ta benyen nan larevolisyon Jou sa a toutouni Kou timoun nan lapli.
Dlo Dlo Dlo Dlo Dlo
ki te la anvan tout bagay k ap rete lè tout bagay fini ki batize timoun la yo ki pou lave kadav nou
Dlo lapli dlo larivyè Dlo fontèn
Gout dlo nan lawouze gran maten Wonn dlo nan lalin nouvèl Dlo ki fè jaden nou bèl Dlo nou bwè nou kuit manje Dlo nan kalbas dlo nan bokit
Dlo nan danmjann Dlo Dlo Dlo Dlo
nou nan nan nan
jete pou rele lespri nou basen kote simbi rete letan kote timoun benyen lanmè kote pwason naje
Dlo basen dlo nan letan Dlo nan lanmè
Tout dlo ki soti nan syèl Tout dlo k kouri sou latè
Ban n fòs pou nou kenbe toujou — 64—
Ban n kouray pou n sa reziste Dlo lawouze dlo nan kaskad Dlo anba tè
Dlo ki bouyi sou dife Men dlo ki touye dife tou Dlo ki te la anvan tout bagay Dlo k ap rete lè tou sa fini.
DON a yon
Jou dlan Lè jou dlan pral rive Kou chak ane li gen pou l rive Pou n pase franse nan betiz Nou di m ap swete larèzone
Kan jou dlan fin rive Nanpwen mwayen ranvwaye sa Pou n pase meriken nan tenten Nou di apye nou ye Lè wè pa wè li rive Premye janvye sou nou vre Pou n pete tèt nou toujou Nou di mezanmi bwa nan nen.
Si pap te konnen Si monseyè te konnen Jan Ayisyen Renmen Pen Li ta fè losti gwo kou pen Ven Grenn moun ki ta kominyen Chak dimanch maten Si pap te konnen Jan Ayisyen Renmen Kleren Li ta mande Bondye fè tout dlo tounen Tounen Kleren Paradi ta plen Sen.
Ki lè li ye? M mandel: Ki lè li ye ri dlarevolisyon? Li reponn: Mwen 5.
Aba M di aba tout kandida
Aba tout kandida ala prezidans M rele aba aba eleksyon Ekri sou tout mi lavil la Aba eleksyon fout Ekri ak lakrè sou tout mi gri Ekri ak chabon sou tout mi blanch Aba tout kandida Aba tout eleksyon Pou nonmen depite Ekri sou lanmè a ekri sou mòn lan Aba tout kandida ala prezidans
Yo tout vle vann peyi a Ak Meriken pou plen pòch yo.
Prejije Yo di nou gen “Konplèks denferyorite” Di yo mwen menm se prejije Kou yo Bon jan prejije m ganyen Tout blan modi Se blan ki pou debwouye yo Wete madichon k sou tèt ras sa a
M bouke lapriyè pou yo Ensiswatil.
Nèg nan Pari Yè swa fè yon grenn fredi nan Pari Tou Efèl vin kout kou yon sitwon - Kouman ou rele sa a? - Lèt damou. Eti konmè a ki di m: -M ap desann 4 septanm M mande 1: - Ki lane? M limen tout limyè nan chanm lan Bòn la pèmèt li mande m: - Se 14 jiyè? M dil: - Non, se premye janvye. E ti pitit nan tren an ki gade m Li di manman l: - Silaa pa mechan. - Pitit, ale mande grangrann ou
Sa l pran Sen Domeng. Nan Mache Ponslè 16èm Awondisman Bèl ti fanm blanch k ap vann vyann Michan boujwaz sa ta fè Pòtoprens ak Daka Gen kote nèg se chante yo chante Lòt kote nèg danse Nan Pari nèg se etidyan Toujou menm bagay la wi Y ap etidye pou lòt moun.
Jan Jak Desalin Anbwaz Jan Jak Desalin Anbwaz
Ala yon gwo non papa w te leve l ba w laa Jan Jak Desalin Anbwaz
Ala yon gran nèg nou pèdi la a Se Jan Jak Desalin Anbwaz
N a chanje non Plas Jefra Jakmèl pou n rele l Plas Jan Jak Desalin Anbwaz
Premye brigad revolisyon k ap rantre Jakmèl Se brigad Jan Jak Desalin Anbwaz Lè n ouvri lekòl nan tout laplenn Jakmèl Narele yo Lekòl Jan Jak Desalin Anbwaz
Lekòl Kristyan Bolye Lekòl Jak Woumen Lekòl Jak Aleksi Lekòl Jeral Brison Jan Jak Desalin Anbwaz
Se yon Konpè Jeneral Sòlèy Lè n bati teyat ri Sent An Narelel Teyat Jan Jak Desalin Anbwaz
Se pou tout timoun k ap leve Mande poukisa non sa a nan bouch tout moun Jan Jak Desalin Anbwaz.
Ay
A
Kòb meriken Plis gouvènman pran kòb meriken Plis pèp ayisyen pòv Fò krè kòb meriken gen madichon Tonnè kraze m mesye Lajan meriken bay devenn Vyèj pete je m medam Kòb meriken gen madichon Nou mèt tande pwen 4 Nou mèt tande pwen 6 Jouk n a tande pwen 1000 Mil fwa pi pòv Nou mèt tande Shada Nou mèt tande Scipa Nou mèt tande Jiji White Kòb meriken plen madichon Plis minis manje kòb meriken Plis pèp ayisyen pòv.
Filozofiy Lannuit pi klè anpil pase lajounen Lajounen ap pete je n kou pwopagann Lajounen kache zetwal la yo
Lannuit se yon pakèt zafè Lajounen se yon grenn chandèl sòlèy K ap klere yon ti miyèt syèl Lannuit kou sòlèy al dòmi Se milyon 20 ak 20 milyon chandèl ki limen Nan tout syèl rabòday Lè konsa Nèg kouche sou do
Pou n fè filozofiy Lè konsa Nèg dekouvri pou kò n Si yon kote pat janm gen lannuit Moun la pa ta janm konnen gen zetwal nan syèl Pa pito moun sou lòt latè a yo K ap vire dèyè lapousinyè yo Te vini fè yon michan alyans pou lepwogrè Ak yon kokenn asistans teknik Pou ride Lamerik ak Lewòp Devlope ti gout tou. —
Samin
Flanbwayan yo ap kabicha Bra yo chaje ak genn manchèt Chak swa m al dòmi ak Samin nan kè m Kouman n vle m pa reve geriya Chak swa m al dòmi ak Samin nan kè m Kawouka se te yon bèl fi pèl Samin Samin se yon ti bouk k plen bèl fi Kazamans Kawouka se te yon bèl fi pèl Samin Tout ti bouk Kazamans gen si tèlman bèl non Baila Diouloulou Diattacounda Balante
Tout ti bouk Kazamans gen si tèlman bèl non Pòtige yo vini yo lage bonm sou Samin M pap janm wè Kawouka ankò Pòtige yo vini yo lage bonm sou Samin Yo simen lanmò nan jaden diri Kazamans Ak zam msye LOTAN la bay Caetano € Co. Pou touye bèl fanm ak jenn gason Lafrik
Ak zam msye LOTAN la bay Caetano € Co. Menm zam li vann Vorster revann lan Smith Pou yo fini ak ras vanyan gason Ak vanyan nègès Lafrik ROU [Se
Menm zam li vann Vorster revann lan Smith Poutan jou a pa lwen geriyewo geriyera PAIGC FRELIMO MPLA Poutan jou a pa lwen geriyewo geriyera Pou resevwa geriyewo sou tout wout Lafrik Tout kouzin Kawouka va ranpli kalbas yo dlo frèch Pou resevwa geriyewo sou tout wout Lafrik Pou simen zetwal sou zepòl geriyera Flanbwayan va fleri nan tout kalfou Lafrik
Kouman n vle m pa reve geriya?
kos
Bondye bon Lè m di Bondye bon yo ri Bondye papa yo a Se bofi lpou m ye Si m di Bondye bon yo ri Yo konnen Bondye pa bon pou mwen Kan larivyè desann laplenn Lè van ap vante sou lanmè Kan kòk kalite m ap pèdi Lè sechrès ap kale abitan Bondye papa yo a pap fè anyen pou bofi l Si m di Bondye bon m konnen M konnen se Bondye pa m ki bon Pè etènèl gran bab blanch Va bon pou pitit pa l Bondye ki chita sou nyaj Ak ti zanj ap jwe twonpèt 2 bò figi yo kou 2 kalbas Bondye k pale franse laten Va bon pou sa k pale lang li Pou sa k al gran mès dimanch Se sa k fè yo ri konsa Lè m di Bondye bon Bondye pa m se dife se van Se dlo se tè se pyebwa Epi se gwo kouray gason ak fanm peyi isit Bondye pa m se mwen menm menm n
on
Bondye pa m Se sòlèy se lalin Se sous larivyè letan lanmè Se plezi m tribilasyon m Depi m fèt jouk m mouri Jaden patat mwen ki byen donnen Jaden bannann mwen siklòn jete Pi gwo zetwal ki gen nan syèl Pi gwo mapou nan gran chimen Se li Nan vanyan gason se Desalin Nan mòn dèyè mòn se Mòn Lasèl Se nan Latibonit an nèkò sèlman Li kapab benyen Lè l ap mache varèz li fè bri Kou yon gren nòde ki soti lwen Nan bèt nan lanmè se labalèn Men nan bèl ti zwazo se sousaflè M ta kòmanse chante Depi maten jouk sòlèy kouche Depi labrindiswa jouk jou louvri M pa ta fini toujou
Bondye pa m Se nan Sitadèl Anri Kristòf pou l ta rete Poutan li chita nan kè m nan san m Nan kò kay mwen anba tonnèl mwen Anba pye figye nan lakou m Se li ki nan vwa m kan m ap chante
— B—L
Li k souke kò m lè m ap danse Si pou m ta di tou sa l ye Depi latousen jouk madigra Depi semenn sent jouk jou dlan M ta vap pale toujou Li gen plis koulè pase lakansyèl Li pi drèt pase palmis Li pi lyan pase koulèv madlèn Malgre tou sa se mwen menm menm Bondye pa m Se tou sa k fè m kontan Se tou sa k fè m chagren Bondye pa m se lavi a menm Nan fèy ki santi bon se bazilik Nan koki lanmè se lanbi Nan repozwa se medsiyen Se siwèl se gwo pye chenn Se jèm mayi m Se flè pwa wouj mwen Se flèch pitimi m Se rasin manyòk mwen Se manch pilon m Se kouto digo mwen Se bwa gouvènay bato m M pa konnen ankò Ou janm tande sa k te pase Bwa Kayiman Se te li tou Lè gran papa papa m tap mache Wete boulèt nan bouch kannon — TO—
Se te li tou Lè ou ta konprann kannòt la fin chavire nèt Ou wè l drese kò 1 ankò Se li Ou ta gade tout gwo moun la yo Plim yo nan men yo Pare pou vann achte peyi a Li pase l touye lanp la Tout jwèt la gate Fòk ou konnen l konn korije move liv Yo fè timoun lekòl la yo li Si se pat li gen lontan lontan Depi ras la ta kaba nèt An nou kite rès la pou denmen Anpil anpil bagay gen pou yo pase Nou menm n a rete Jouk sa fini
Yo mèt ri lè m di Bondye bon.
— 80 —
DYAKOUT 3
Mezanmi, men Dyakout 3 nawèli pa Dyakout 2 kou Dyakout 2 pa Dyakout 1 poutan chak Dyakout chaje kouleba ak sa k donnen plis nan sezon an gen sezon mayi gen sezon mango gen sezon gwayav gen sezon piskèt epi gen mòtsezon gen sezon pou sèkle tann lapli tonbe sezon pou konbit plante sezon pou konbit rekòt sezon pou rale kannòt sou karenay kalfete pentire tann livènay pase Move tan vini move tan v ale
yon jou pou chasè yon jou pou jibye Sa k pat nan lòt Dyakout yo se endepandans nou pwoklame nan ekriti a menm nou pwoklame endepandans kreyòl la ale franse lapwit nan pwen moun k ap plede di franse se lang pèp ayisyen ankò yo ri yo tèlman sa k tap di sa yo yo ri yo tèlman yo sètoblije pe dyòl yo bay legen m dakò ak ekriti fonetik la — 83—
m ekri Jadenkreyòl pou m di m dakò
M pa bezwen di sa k nan Dyakout 3 nou pral li l nawè nawè pozisyon m pi klè sou kesyon lang nou kou sou lòt koze yo ekri pou mwen ekri se pran pozisyon sou gwo koze a pozisyon m klè kou dlo kòk sou tou sa k pral pase nan peyi a lò pèp la manche lanbi l se pa apre denmen se denmen nan Dyakout 1 nan Dyakout 2 nan Dyakout 3 se pèp ayisyen k ap pale m annik met sou papye sa l ap di.
—
84—
Chante Nou plen chante k rakonte istwa n pi byen pase liv nou gen chante tankou sila a
nou pa genyen pyannoo agaou wèdo e nou pa genyen pyannooo se twa tanbou nou genyen nou gen chante tankou sila a
lò yo bezwen mwen yo rele mwen gwo lwa yo lò yo pa bezwen mwen yo di mwen se tafya o gede nibo mwen pa dra si mwen te dra mwen ta kouvri pou yo chante kou sila a
m fè yo byen
byen an tounen mal o yo fè mwen mal mal la tounen byen o An verite m pap fè yo byen ankò adye mezanmi m a kite peyi a ba yo tankou sila a
n ap bwote dlo nan kouyè pou nou ranpli kannari lwa n
nou gen chante rara kote nou mande kontribisyon ban nou kanpo kontribisyon se ou k fin pran lajan n nan Yogann se charite n a mande
gen chante madigra kote nou sèmante sèt fwa nou pap travay ak boujwa yo pou gremèsi gen chante sou bèt sourit rat
chat koulèv krapo — 86—
lò ou gade ou wè bèt yo kou moun moun yo kou bèt koute chante sa a
ou gen dwa chante l ak lè pa w
kokorat ki mande retape plim sourit o kokorat k ap mande retape plim sourit nou ka chante ba ou
jouk gòj nou bouke ou ka chante tou pa koute moun k ap di w pa chante chante chante w pitit mwen pou soulaje konsyans ou se chante manman n mouri kite pou nou se sa k fè nou pito chante chante pa n pase n chante chante lòt moun nou kab chante dousman san pèsonn pa tande n nou menm menm nou pa tande
— 87—
sa n ap chante epi nou rete konsa nou pete rele
si nou pa rele n a toufe lò n fin rele nou kriye men kriye pa geri lanmò se yon chante ki di sa kriye pa leve lanmò o kriye pa ka leve lanmò si kriye te leve lanmò Lafrik Ginen ta leve kanpe se vre
nou pa fouti konprann tout chante nou chante gen chante nou chante pèsonn pa konprann nou menm menm nou pa konprann yo di se langay se de chante ak de pawòl nou te konnen lontan lontan si tèlman lontan nou bliye sa yo vle di nou sonje pawòl yo nou bliye sa yo vle di —
88 —
n ap pale langay apre sa nou ri nou ri kont vant nou
san nou pa konn poukisa n ap ri konsa a nou ri
jouk de ran dlo kouri nanjen si nou rete konsa nou tonbe chante chante sa yo se yo ki di sa nou santi menm lò nou pa konprann pa konprann ditou poukisa n ap chante poukisa n ap rele poukisa n ap kriye poukisa n ap ri pa konprann ditou sa nap di ni sa n santi
—
$9O—
Depi m piti m ap tande yo di gen zonbi m pa janm wè youn pi ta y esplike m zonbi se moun y antere san l pa mouri yo detere 1 pou fè l travay
m reflechi si lpat mouri fòk yon jou li mouri m pa janm tande y ap antere
yon zonbi ki mouri
se jodi m ap mache nuit kou jou nan tout peyi a m pa janm kontre ak yon zonbi bab pou bab m pa janm tande sa yo fè ak kadav zonbi ki mouri.
— 900—
Blan mannan Pinga fèm di sa m pa di m di gen bon blan gen move blan pi move blan se blan mannan
pa fè m di sa m pa janm di m di gen bon nèg gen move nèg pi move nèg se gran nèg yo yo di m blan franse fè sa yo vle nan peyi Jan Jak Desalin lan di yo m ap vin fout yo deyò yo di m s ak kout pye blan franse ap trete pitit pitit Desalin yo di yo tann soukous mwen m ap pare yon novanm 1803 pou yo di yo lò yo tande m ap vini yo mèt mare pakèt yo pou y ale menm si l fè nwè kou lank wè pa wè fòk jou louvri
gen bon nèg gen move nèg gen bon blan gen move blan Desalin pat touye blan polonè pi move blan se blan mannan pa NÈT
Desalin ki pwofesè istwa m di m sèl blan ki bon blan se blan k met fizi sou move blan yo pa fè m di sam pa vle di non.
—
92—
F.M.I. Gen twa lèt pou n bliye nan silabè malveyan yo twa lèt ki plen madichon twa lèt pou n rache nan jaden kreyòl nou an twa lèt k a toufe tout bon plant nan jaden kreyòl nou an bliye f bliye m bliye i twa lèt sa a yo ka lage yon sèl devenn nan bounda n yon kolik mizèrere nan boyo granmoun kou timoun bliye lèt f m i yo ki vle di ki vle di sa yo vle di fki vle di fon m ki vle di monetè iki vle di entènasyonal!. si ou tande yon vakabon vini bò kote kay ou ak twa lèt sa a yo kwape l kou chen
twa lèt denmon sa a yo fon monetè entènasyonal pa kite blan ki gen twa lèt sa a yo ekri sou valiz li pwoche kote w pran l ak grap èfèmi konsa yo rele l èfèmi sak èfèmi a se yon vye blan rich pase tout milyonnè k ap mache vòlò lajan malere pou l sa pi rich toujou li soti pou l fè n plannen ata bout nat nou kouche dòmi pou l boure pòch li ak pòch tout dyab k ap travay ak li èfèmi se pi gwo dyab sou latè beni alèkile men lò èfèmi ap parèt douvan w ou pa fouti konnen sa li ye li kab sanble yon bèl ti gason ak bèl dan lò chapo panama linèt bèl pawòl nan dyòl li bèl mannyè san repwòch onèt fòk pa plis bwòdè kou konpè chen k pral laparad — 94—
santi bon kou latrin fre kou ze zwa li kab met mas nwa tou sou figi l pou l pa parèt twò blenm bèl ti gason kou Andwou Yong se yon vye blan aganman ki pran pòz moun debyen l pou l sa mache pete malere nan tout peyi pa kite èfèmi pwoche bò kay ou pa kite èfèmi penetre nan lakou w tou tan li pa fin souse tout san w
li pap lage w tou tan li pa fin ravaje tout jaden w li pap vire do l li mèt ofri w dola pa pran li mèt ofri w milyon pa pran dola l va tounen pwa grate nan men w milyon l va tounen lagal nan tout kò w èfèmi se pou w pè sa kou fizi de kou bon zèb pa pouse kote èfèmi pase OS
lapli pa tonbe èfèmi pi rèd pase siklòn pitit pitit pitit ou ka gen pou l peye dis fwa san fwa mil fwa chak dola èfèmi foure nan gòj ou lajan èfèmi se kou ki dire yon lòk li peze nen timoun vide nan gòj yo fè yo vale l yon lòk luil palmakristi melanje ak ji lalwa panzou madyouba sorosi tout fèy anmè ka fout ou yon sèl vant mennen ak yon swèf pou pete fyèl ou plis vant ou mennen w plis w anvi bwè lòk la jouk vant ou mennen w mennen w mennen w mennen w —
96
—
nan pòk tout yon pèp de pye lonje k ap fikse tèt zòtèy li l yo te konn ekri l Intènasional lè poèm sa a te ekri.
Kosmo
Vyewo ou menm k ap fè Ayiti m gen yon konmisyon pou w bay manman m pou mwen (Chante) Kosmonòt ou menm k ap monte nan syèl la m gen yon konmisyon pou w bay bondye pou mwen se yon plent m ap pote pou enjistis y ap fè m sou latè si w jwenn li pa la di m vit kou w tounen pou m regle zafè m pou kò m
kosmonòt ou menm k ap flannen nan syèl la m gen yon koze pou w ta koze ak bondye pou mwen
gwo moun k ap manje tout swe travay mwen yo
di l fè yo rete si w jwenn li pa la di m kou w tounen pou m regle koze a pou kont mwen kosmonòt ou menm k ale vini nan syèl la fò ou ta pase wè bondye pou mwen —gg8—
bò isit depi twò lontan bourik ap travay pou chwal galonnen si lpa ka fè anyen kosmo adye kosmonòt o n aregle sa ak fòs ponyèt nou.
Pwovens
Kote Pòtoprens ta pase
pou l ta gen tout sinema gratis
nou ka wè chak jou nan pwovens yon vil ki pa jouk gen plas nan mitan lari pou jenn fi taye bobis ni teren vag pou mal bourik deboutonnen kanson yo sonnen klòch dimanch pak
lò yo tande bondye leve
nan pwovens lodyans jwe zo bwè tafya fè n bliye si nou chak gen yon mò machwè mare ki kouche nan chanm nou de chen kole devan pòt lakomin yon zanmi m kontre plen minuit nan gran ri yon manman poul ak vennkat pitit dèyè l de jenès kanpe de bò lari yo joure depi solèy leve jouk solèy kouche kou l midi blan pa wè bay chak timoun ki vin pase vakans yo yon lòk pou wete chalè beton an nan vant yo lagoslin te bwote kay chanmòt yon madanm nan mitan lanmè se lò 1 louvri fenèt pou lfè tripotay ka vwazin li wè ki kote li gad —
100—
jouk nan larad Okay Difon nan tribinal la y ap jije yon nèg ki ranmase yon bout kòd atè li jwenn yon bèf nan lòt bout kòd la lò 1 rive lakay li malè pa mal depi premye janvye chak dimanch madigra deyò kote pwason Pòtoprens ta pase pou yo ta bon kou pwason lakòt ti gason soti nan seren an chak semenn yon reken yon je pete vin pase nan mitan timoun k ap benyen nan lanmè a chak swa kou l minuit yon bèf ak kat soulye talon kikit nan pye l ap monte desann nan lari a te gen yon msye ak yon madanm ki te kole yon vandredi sen apre siklòn azèl yo jwenn yon ti fi ki te mouri depi depi di zan Jeremi k ap pale mache manje bwè Lansdeno kou mwen menm ak nou la a gen twa jou depi vwazin nou an pa limen dife lò mari a mouri li kite de zonbi nan lakou a pou fanm lan okipe
kou tout moun fèmen pòt yo pèdfanmi an mare ak yon poto elektrik —
101—
pou l gouye nan bann madigra manje achte yon fòkseli bay chak moun yo bwè dlo ou fini ak sa katrè pa bliye reveye m pou m al lanmès y ap fè wanga nan katye a ou pa pran lòdè asafetida k kabrit kay sa a yo toujou di gen yon bou k ap kouri monte kouri desann nan leskalye 1 tout lannuit restavèk la ap touye tèt li chante men ti pen senk kòb men yo gwo yo bèl yo cho yo gwo yo bèl madanm te di konsa si m pa vann l a devore m jouk li midi p-ankò pè pou malerèz che ki manke de pyas pou voye nan ma nap viv yon fanm anmaldanfans ap pouse sou yon bwèt savon marenn lan di fiyèl la kou m fini m ap fout yon kal awou madanm ki ret nan kay sa a se loug se li k te manje pitit entèl la koledan bay pitit la senk kòb pou l kraze yon depi m fèt m pa janm wè yon mòtsezon kou sila a gason an fè kòlè jouk lèt pase l Pòdepè ki Pòdepè m koumande l ki dire wè pou Potoprens — 102—
twa moun ki pi rich nan vil la se mò ki vin ba yo lajan nan dòmi ou kab konte sou senk dwèt moun ki pa met wanga anba balans yo pou y achte kafe pase lòt yon jenn gason ak yon jenn fi pa fouti renmen pou yo fiyanse pou yo marye nan vil sa a san tripotay pa fè kenken nan de fanmi yo te gen yon chwal sele bride san kavalye ki tap pwomennen chak swa nan laria ti Nandeng met zepwon pran rigwèz li li fè bèt la pyafe nan tout lavil la denmen maten gen yon vwazen ki pa leve nan kabann li bal kriminèl bande chak swa nan pòtay la blan ki blan pa ka pran pye nan tè glise isit ki dire milat Pòtoprens te gen melanj nan bal nan klib la gason an si tèlman dous fanm lan sètoblije met kat bòl dlo nan kat pye kabann nan pou fonmi pa monte manje mennay li yo di s ak move lajan jennonm lan achte magazen bòdmè a fanm lakòt gen plis mizik kafe pa donnen
MN aa
—
a
103—
m
pe bouch ou non dyab va pran vwa wi nan kout kat sa a Pòtoprens ou tande a va tounen yon vil pwovens tou se sèl madan Kolo ki pa moun vini.
—
104—
Dede Kontan Lò m tande dede kontan mouri
m pa kriye m pa rele m chita men m nan machwa m
pou m sonje
yo mèt di sa yo vle pou mwen dede se te bon moun se te moun pa m
m ta rive lakay li bòlòs dimanch maten se pa ti kras kontan dede kontan ta kontan li ta rele pi gran pitit li a men al achte yon boutèy kola pou tonton moriso dede kontan se te moun pa m m ta vide yon ka vè m bwè bay timoun yo rès la dede ta si tèlman kontan pale ak mwen ban m nouvèl tout zanmi nou lò m leve pou m ale m ta rale de pyas —
105—
men pou achte sirèt pou timoun la yo dede ta di ki sirèt sa ase betize chita non ou fèk rive kote ou prale se pou w ret manje dede kontan se te moun pa m lò m tande dede kontan mouri m pa kriye m pa rele m pa leve kò m frape atè m chita men m nan machwa m pou m sonje dede kontan te jwe sannit nan rara pyès teyat mwen men m nan machwa m m ap sonje bakoulou kote n te fè teyat m te jwe simon nan rara m sonje jan dede gade m lò l ap di m simon mari m lò m rele sannit fanm mwen nan peyi isit chak moun gen moun pa l dede kontan se te moun pa m gen moun ki pat twouve 1 bèl l te sanble yon jiman chwal lòm te piti m te gen yon jiman chwal ki te tèlman bèl moun te blije kanpe gade 1 lò 1 tap mache yon jiman chwal k ap danse —
106—
L
lò dede kontan a Pari deplwaye yon drapo sou sèn Sara Bèna a pou l mache m gade je mil moun ki tap gade yo tout kontan gade dede kontan kou mwen
yo tout gade dede kontan danse kou l mache mache pou l danse grennen pa bèl kou jiman chwal wouj mwen an k ap pyafe gen yon pa yanvalou lò dede kontan ban nou pa sa a janm li vin de fwa pi long tèt li de fwa pi bèl
yo mèt ta vin di m dede te fiyèt lalo yo mèt ta vin di m dede te lougawou m ta di sa pa fè anyen si yo ta di m dede pale m mal m ta reponn se pa vre
sa lavi a ta ye konsa si yon nonm pa kapab di se pa vre si yon fanm pa kapab leve dwèt li pou 1 plede pou yon zanmi se sa dede kontan ta fè si yo ta pale m mal douvan l —
107—
a
a
lò m tande dede kontan mouri m pa leve kò m frape atè m chita m sonje gen bon moun gen move moun dede te bon moun ki jan sa ta ye si pat gen moun kou dede
samdi laa se sa m kwè jou m pa kwè sa m met fèmen je m pou m mouri.
—
108—
A
Rèv M kwè m ap reve je klè kote sa jennen zòt kite m reve je klè m reve gran jounen yo mèt di sa yo vle m renmen reve je klè sa k pa kab reve pa reve ki mele yo ak mwen si m vle reve je klè kite m reve reve m gen de moun ki dwòl wi gen de moun ki pa janm reve m pap mande yo reve gen moun ki pa reve koulè ni wouj ni vèt zafè pa yo rèv pa m plen flanbwayan ak choublak plen chwal k ap galonnen nan savann zèb ginen k ap pyafe nan chimen k plante flè de bò manto senjozèf ak simwa fè bèt mwen reve m ap mache nan jaden kote pye kann fè moukmouk m reve m ap monte mòn m ap kouri monte mòn —
109—
amame
dèyè chak mòn yon lòt mòn
pi wo pou monte
depi m fèt m ap monte mòn plis mòn nan rèv mwen yo WO plis yo dous m ap vole monte mòn gen moun ki pa janm reve ki pa janm reve y ap vole m reve m ap vole janbe larivyè m vole travèse ravin sèch m vole wo pase sou tèt chanpwèl yo san yo pa wèm m reve m ap vole wo kite tout malveyan yo anba dèyè lwen m plonje fwote lestonmak mwen nan tout tete kolin la yo pouki m pa ta reve jan m vle m reve m ap pwonmennen nan jaden kafe wouj vèt go anba pye mango chaje kouleba ak man nan lonbray yon paradi pye zabriko m si tèlman reve je klè m pa fouti dòmi lannuit
m reve yon sous dlo klè kou kristal k ap miwaze ki kote k gen sous konsa si se pa nan tèt sodbari m reve m ap naje nan lanmè grangozye jakmèl lansdazi jeremi —
110—
nan mitan tout koray koray yo nan pwen lanmè konsa lòt kote m reve m ap tire pòtre tout lakòt falèz lansapit gran jounen m ap reve konsa m reve tout zile m yo anpenpan depi kiba pase dyomeka jouk trinidad tout moun ap chante danse kite m reve reve m bay kò m kouray ala m konnen m gen tèt klè kite m reve reve m.
—
111—
Di m
di m di m di m men di m non di m soupa di m madi w ban m konesan m konnen w si m ba w waban m pito ou pa di m pito ou pa di m dimma diw sou vledimdim sou pa vle dimpa di m pa di m pa di m m ap di w se kinstonn dyomeka yon apre midi m kontre l nanpwen anyen la a pou m pa di w m kontre l pito m tou di w li te fè cho nan sal la —
112—
si m di w wadi yon lòt kite m pran yon souf yon souf yon souf anvan m di w kay la kraze o similo
apa m di w sa ou vle ankò m di w kay la kraze yo kraze sal la ak bravo se sa yo rele sal kraze o se sa yo rele sal kraze nan peyi mwen zanmi yo rele kou bèt yo rele wo000000 jan ou tande a sa ou tande a Zafè gate deblozay la pete fi a rale twonbòn la jouk wotè syèl la mwen di w rete pa monte pi wo sou vle ba li ba li yon sèl dezòd gaye nanpwen bouch pou pale sal la touche plafon an sa pou m di w ankò ti gason mwen di w rete ti gason pa manyen chapo m —
113—
labe labe labe labe labe pa fè sa koute yon lanm lanmè ki pèdi chimen l de lanm lanmè frape gade yon bebe m ta gadel m ta doup pe pe pe non nou pral pale lonje twonpèt la pou mwen lonje twonpèt la pou m ban mwen gita a pou m ale ban m siskòd la pou m ale m ta leve tout kò m m ta frape l atè bip tout tan sa a tout tan sa a
kote kote kote tout
n te ye n te ye n te ye tan sa a
la ante ye koute yon bri ki bri sa a s on bri vesèl kraze s on bri loray prentan deklare s on bri siklòn
—
114—
yon bato chaje ak digo koule nan larad la depi santan s atò digo ap fonn nan dlo nan syèl dèyè mòn lan yo rense nyaj yo ak dlo digo gen yon vil chaje kouleba ak digo lanmè kouvri l nèt depi santan s atò digo ap fonn nan dlo a al tonbe jouk dèyè mòn lan kinstonn dyomeka plen digo nan syèl la plen digo nan très rasta m yo très rasta m yo trese ak nyaj yo tranpe nan dlo digo mòn yo kouche kou bèt dèyè do kinstonn m ta pran de zou twa mòn m ta met sou do m m ta kouri m ta kouri m ta kouri m ta chante m ta pote mòn yo jouk senegal pou m fè zanmi yo kado yon bèl ki sanble yon granmoun ki kouche sou do bab li blanch plen digo pa rele konsa ou fè kè m sote peze m peze m
peze m fò pou m pa rele rele rele w pou w pa toufe lapli ap farinen ak gwo solèy sa a se dyab k ap bat madanm li bouche twonpèt la pou mwen bouche twonbòn lan pou mwen bouche l pou m pa rele rele rele w n ap viv wo00000000000 m te di w m pap rele lò w ale se kè m a kenbe ose kè m a kenbe lò w ale se kè m a kenbe
lò yo pe se kè m a kenbe ose kè m a kenbe m a kenbe se kè 00 00 0V0 po0o
lò yo pe se kè m a kenbe ooo se kè m a kenbe
se pa dyaz la sèlman mtedi w madi w se pa dyaz la sèlman se rege diw mtediwmadiwm rege mtediwmadiwmdiw rege rege —
116—
rege m kouri sou lanmè a jouk douvan tibiwon mtediwmadiwmdiw rege m kouri sou digo a jouk douvan zabriko rege m naje nan digo a jouk douvan bèkamaswen m fout l on kou sou bèk rege pran mwen lasirèn vale m non labalèn rege m ta fè yon bèl ak lasirèn ta fè yon bèl ak labalèn rege nan lanmè digo sa a.
—
117—
Lanbi Nanpwen bondye nan syèl ni lesenlèmò kras chèfdeta ni prezidan k ap vin fè yon mirak pou sove pèp ayisyen se pèp la k pou sove tèt li se pèp la ki pou pran pouvwa a k pou manchte gouvènay la pou l koumande se pèp la k pou goumen poulregle zafè l san kwa l pap janm regle
yo kandida yo sa k ap pwenti lang yo pou deklare nou pral mennen menm mizè a ban menm grangou san lekòl lan yo sèlman vant plen vè pou timoun pou gran nèg lavil yo ka plen pòch yo ak lajan pèp la gen senk bagay ki dwe fèt latè si pèp ayisyen pa vle disparèt sou —
118—
youn bay pèp la lapawòl dekrete kreyòl lang ofisyèl se pèp la ki pou di sa li vle sèl lang li kab dil se kreyòl tou sa k ap pale franse k ap foubi lang yo pou bay manti dekrete kreyòl lang ofisyèl wa tande verite pèp ayisyen ap di sa l vle nan tout mòn lan nan radyo nan jounal apre yo mèt aprann franse angle panyòl... sa yo vle men kreyòl se sèl lang ofisyèl yo 44.
ZA
se premye nan senk bagay yon revolisyon serye dwe fè 4“ d e”
bay chak pèdfanmi yon moso tè pou l plante pou l ka bay fanmi l manje chak pèdfanmi ki gen sis bouch pou l bay manje dwe gen yon moso tè pou l fè manje pou pa gen timoun k ap mouri grangou tè a ki bay lavi a se sèl byen
nou gran papa papa nou mouri kite pou ò sèl byen Desalin te met blan yo dèy poul kite pou pitit pitit pitit li yo bay chak pèdfanmi pa l pou sa fè konbit ak vwazinay e pou pa gen moun k ap mande charit nan gran chimen se youn nan premye bagay fè yon revolisyon ki respekte tèt li dwe “twa” dechire tout move trete yo siyen kont enterè pèp la tout akò reken ki sot lòt bò lanmè yo pase ak reken peyi yo pou vòlò tout byen pèp la a fè tout vòlè etranje tounen kote yo soti apre yo fin remèt tou sa yo vòlò
se youn nan premye bagay fè yon revolisyon yo rele revolisyon dwe “kat”
lan ouvri yon lekòl nan plas Fò Dimanch pitit yo pou solda lapolis ak madanm yo ak ale sa k konn li ekri kou sa k pa konnen pou y aprann li ekri kreyòl — 20 —
kreyòl lang ofisyèl la men pou y aprann tou lame ak lapolis fèt pou pèp la pa kont pèp la se youn nan senk bagay yon revolisyon tout bon dwe fè
“senk” vit kite OEA Òganizasyon Eta Ameriken an sa nou pèdi yon kote konsa kote yo pa janm respekte n kote nou pa gen dwa chwazi zanmi n epi di lafrikdisid ki pa vle wè nèg vouzan Ayiti se granmoun alèkile premye peyi nèg ki pran endepandans li lò pitit li yo kale lame Napoleon an li konn sa k bon pou li kite Òganizasyon Eta Ameriken an se youn nan senk bagay yon revolisyon pèp la dwe fè
tou sa k ta renmen tande yo di nan peyi yo nanpwen moun ki pa konn li nanpwen moun k ap mouri grangou nanpwen moun k ap mande charite nanpwen esklav ni blan ni nèg —
21 —
tou sa k ta renmen wè
delege ayisyen respekte ap vote nan Nasyonzini pa kou timoun ki rete ak moun tou sa k renmen fè sitiyasyon pèp ayisyen chanje nèt dwe met ansanm pou fè senk bagay sa yo si nou pare sa k ret pou nou fè se soufle lanbi a
—
122—
DYAKOUT 4
Sa m di nan sa
Gen yon pawòl k ap pale nan tout peyi Y ap pale l an Frans, y ap pale l ann Ayiti Yon koze ki jan pou ti nèg ekri M mande Boukmann, m mande Desalin Ki jan pou ti nèg Ayisyen ekri M sanble tout moun anba tonnèl mwen M rete tou sa m kontre nan bann rara m
Tout Wa Madigra k ap monte Bèlè M mande yo: sa n di nan sa? M mande tèt mwen, m mande vant mwen
M tande manman m k ap chante yon chanson M wè papa m k ap mennen yon konbit M gade sè m yo k ap triye kafe M koute frè m yo k ap sèkle yon jaden Pitit mwen yo k ap tire kont Gou ven kann nan kafe m Koulè tè nan jarèt mwen toujou Van nan mòn ap antre nan kalbas mwen E pi lwen, pi lwen, jouk lòt peyi Lwen, pi lwen pase nan Ginen
Menm kout lanbi Sen Domeng lan Klaksonn, radyo, sirèn pa wè la
Reponn mwen: sa n di nan sa? —
125—
N ap chante ansanm: “Nou pa genyen Pyano Agaou Wèdo Nou pa genyen Pyano Se twa Tanbou Nou genyen.”
viwon M mande matlo k ap jwe za e nan veye M mande medam yo k ap rel la yo Travayè sou wout Travo Piblik n lari Ti machann k ap vann ze na an Difò M mande chofè kamyon Leog di nan sa? M mande Madan Sara: sa n Kannòt nou chavire Siklòn kraze kay nou Larivyè bwote pitimi m Menm lè a tou, pri danre tonbe. Sa ou wè n di nan sa?
yo. Lè rara rive, n afè chante sou Gen: nou Gen: yo Yo: ekri franse Nou: konn fè chante.
—
126—
Lè chante n tounen siklòn
Na kraze kay tou Sa te rive deja L a rive ankò
Si ma bato n ap konte zetwal nan bon van Na kouche sou do n pou n tire kont Si lyann patat nou ap kouri atè kou koulèv vèt Nachita bò dife pou n tann mayi mi Tanbou rada gen yon son pou l ba w Lè kè nèg isit kontan vre, pitit
Men tou! Ou menm ki ann egzil, si ou te kapab Seye non, Depès, Si ou te ka jwenn jan banbou gwonde. Sa genyen pou l rive kou yon zeklè Lè w tande youn, de, twa, san Ou tande san, de san, twa san, mil Tande mil, de mil, twa mil, milyon. Bon! Tout ti nèg bouke, fache nèt
Ou konnen: bouke ranni pou chwal galonnen Tout bèt nan bwa an kòlè, move sa l fè l fè Ou monte nan balkon ak mesye a yo Pou w gade laba, lwen, lwen, briz la
Tanpèt la k ap vini ak lapli loray la Nan yon balkon wo ak mesye a yo Pou w gade “pèp souvren” k ap prale pase Wadim, atò, se pou w di m, ti frè,
Nan ki lang ou santi bagay sila a. —
127—
mon vieux! Pa koute moun k ap di: écoute a a Cade anba, laba a, sa k ap vini lab i Ou pa wè se an kreyòl l ap vin lè a Jan 1 ap mache, jan 1 ap danse nan naje, vole a Sote, ponpe, woule, kouri,
Ki lòt jan pou ekri l? ann Si ou vle rete nan balkon san des ta. Se pou chwazi vit anvan l twò Ekri, pa ekri: sa k pou fèt Bat
Domeng. Si ou sonje byen, se te konsa Sen Apre, sa n te jwenn pou n di: i Didi didi dada, dada dida did dodi Dido dodi dodo, dodo dodo
francaise Anthologie des poètes d'expression iz. Bouke fè blan pase Desalin nan bet bouyi Nan vant nou gen yon loray k ap Depi plat manje esklav la kontre Ak kout kleren nèg lib la. n mwen. Fè bagèt la yo limen tanbou ba n pasé Ride sa k vle klere chimen yo pou lanmè a. Ban m kout lanbi pou m travèse e diksyonnè W a wè kote tout moun ap mancht Pou yo mete w an franse Pou yo mete w ann angle Pou yo mete w an ris Pou yo mete w an chinwa Pou yo mete w an panyòl.
—
128—
Yon veye Mòn Èkil pou Jak Aleksi Aswè a nou sanble mezanmi pou nou wè kouman Lò nou tounen lakay n a sanble ankò Mòn Èkil Pou nou fè yon kokenn chenn veye pou Jak Aleksi Nou ka pab kite pè savann chante libera an laten Nan tèt gran nèg sa a.
Si gen chante ki pral chante se vwa travayè Ak vwa triyèz kafe mele ak vaksin rara Pou nou tande Si gen chante se vwa aktè laplenn Kafrè yo Ki te konn jwe nan teyat Mòn Èkil la Ak vwa Fara Jis
Mele ak kout lanbi k ap fè tout fèy nan bwa tranble Pou n tande. Lè nou tounen lakay e n ap tounen Fòk tout zanmi Jak te kontre Mòn Èkil yo Sa k mouri sa k pankò mouri
Vin nan michan veye nap fè nan teyat la pou li Li te ba yo non yo te genyen nan pyès yo jwe Te gen Sefi manman Anatòl Te gen Bout mari Sefi —
129—
Te gen Soun menay Anatòl Te gen Laplas te gen Piti enl anpil Jak te renmen y anpil, yo te renm Yo te rele 1Konpè Jeneral Solèy. wa chenn lan Jou Jak Aleksi apiye sou pyeb Li fè yon diskou an kreyòl tout moun ki te la sonje toujou Se Bout ki te reponn li.
N ap pale sireyalis men sireyalis a menm. Ou byen kèk mistè k nan lavi Bout di a Nou pa konprann zikak nan sa Men nou tout dakò ak li wè a ak nou Menm si Bout mouri li la as Kou Jak Aleksi la a ak nou.
uvenans ta mouri Menm si tout moun nan So Yo la a ak nou
ab Mizisyen Yo pran non Jak te ba yo nan Lèz Yo rele Bwadòm Latiwo
Yo rele Jal Merasen Yo rele Klèmoniz Yo la a
Kou Jak la a ak nou.
l la Lè n a tounen al fè gwo veye Mòn Èki Y ala tou Yo konn chimen an deja —
130—
Non yo te nonmen anpil Chaj fwa Jak te vin li pou nou Yon moso nan Lèzab Mizisyen Chak fwa li te kase yon branch ban nou Nan pyebwa k ap chante yo.
Nou pa kwè nan zonbi Men plen lespri k ap viv nan gwo liv K ap viv nan bèl plak viv nan chante konpòz yo K ap viv nan lespri vivan ki pa fouti bliye yo Menm lè nou pa konnen — ki kote ansasen yo fouye twou Pou met kò gran gèg ak gran nègès nou pèdi yo Lespri yo gen pou yo viv nan tèt pitit pitit pitit nou. Se pou sa n ap fè veye aswè a i N a pral refè veye pi gwo Mòn Èkil Pou Jak Aleksi.
Teyat d Ayiti te kòm tounen lakay Jak Rèv li se pou nou te pati la pou nou tal bati yon pi gwo teyat Yon teyat ki pou ta yon lekòl pou senk milyon moun Teyat sa a nou koumanse isit la lè na tounen nabatil Pitit pitit pitit nou va pote wòch yo pou 1 sa pi gran toujou —
131—
N arele l teyat Jak Aleksi. Se nan teyat sa a pou Jaki Chalye al jwe bèl pyès Li fè ak pi bèl chapit nan Lèzab Mizisyen an N ajwe l nan kokenn chenn veye Mòn Èkil la. Jou sa a fòk jouk Laavan yo tande kout lanbi a Pou Mata Jan Klòd kouri san l pa bezwen viza Vin chante pou frè l pou sè l Pou zanmi kanmarad ki mouri Anba pi move tan ki pase sou peyi a.
Jou sa a va gen lespri kèk gran nèg ak gran nègès Nou pa janm ka sonje san nou pa sonje Jak Aleksi Kala nan veye a tou Lespri koumandante Tche Gevara Lespri prezidan Salvadò Ayennde Lespri kanmarad Amilka Kabral
Lespri tout vanyan gason ak vanyan nègès
Apatayd touye Chapvil yo Apatayd touye Soweto yo Tout gran fanm ak gwo gason Divalye ansasinen Fò Dimanch Divalye ansasinen Nan Mapou Divalye ansasinen Jeremi Divalye ansasinen Kazal Divalye ansasinen Mibalè Y ala ak nou nan veye Jak Aleksi a. —
132—
Lè n a retounen sa k a resevwa yo Sa k a resevwa Jak Aleksi
Sa k a resevwa yo Chante pa kriye chante Sa k a resevwa Jan Jak Desalin Anbwaz
Sa k a resevwa yo Sa k a resevwa Jeral Brison
Sa k a resevwa yo Sa k a resevwa Mari Terèz Feval Sa k a resevwa yo. Jou sa a fòk nou met opalè sou tout pyebwa Pou moun k ap grennen nan veye Jak Aleksi a Tande tout vwa k ap pale nan govi revolisyon an Nou konnen byen s ak kout fizi pou sa regle Nou pap chante pou chante ni danse pou danse N ap fè teyat chante danse Pou n sanble pou n pare pou batay la. Nan pwen bagay Jak Aleksi te renmen kou dans pèp la Li te konnen gen plis leson nan chante yon konpòz Pase nan yon pil move liv Ki gaspiye lank ak papye pou gremesi Gen plis verite nan dans banda de nèg nan lari Sen Mak Pase nan tout vye pwogram tele Nouyòk tele Miyami
Tele Pòtoprens k ap pouri lespri pitit nou yo. Li te renmen sinema Pa tout sinema Bon sinema
Li pat rayi bon televizyon N a met antèn toupatou, gwo ekran toupatou
Pou senk milyon granmoun kou timoun Gade kokenn veye, tande tout gwo pawòl Ki pral pale nan veye nou pral fè pou Jak Mòn Èkil la Lè n ap tounen e n ap tounen wè pa wè n ap tounen.
Jou sa a jouk nan Ginen fòk yo tande kout lanbi a Pou Miryam Makeba vole vin chante ak nou Trese detrese pa yanvalou Mawonnen lenmi yo Trese detrese kòd Mare lenmi yo Bese jouk atè Leve drese tèt nou Met zam sou vakabon yo Yanvalou pou Jak Aleksi Yanvalou Yanvalou pou Ayiti Yanvalou Yanvalou pou Ayiti Yanvalou —
134—
Yanvalou pou Ayiti Yanvalou Yanvalou pou Lafrik di Sid Yanvalou Se menm batay la Yanvalou mezanmi Yanvalou Yanvalou pou geriyewo Lamerik Santral yo Yanvalou Se menm batay la toujou Yanvalou pou nèg nwè meriken blan yo ap toupizi Menm batay la Yanvalou pou Jak Aleksi Yanvalou An nou bese jouk atè pou nou mawonnen yo Yanvalou N a drese ankò pou nou mache pran yo Yanvalou S ak lespri Konpè Jeneral Solèy nan tèt nou N ap mache leve lonè Ayiti Yanvalou mezanmi yanvalou.
Botpipèl Nou tout nan yon kannòt k ap koule Sa te rive deja Sen Domeng Se nou sèl yo rele botpipèl
Nou tout nou mouri depi lontan Sa k rete ankò ki kab fè nou pè Kite zòt rele nou botpipèl Se jodi n ap goumen ak lamizè Nan zile sou lanmè toupatou Se zòt ki rele nou botpipèl
Agawou di long kou lannuit long Wè pa wè fòk jou louvri kanmenm Nou pa janm di nou pa botpipèl Nan Ginen yo te kenbe n ak chen Met chenn nan pye n anbake n Sa k pou te rele nou botpipèl Mwatye kagezon an te peri Yo vann rès la mache Kwa Bosal
Se zòt ki rele nou botpipèl
Jou nou frape pye n tè a tranble Jouk Lalwizyan jouk Venezwela —
136—
Sa k te vin rele nou botpipèl Yon move tan pase sou peyi n lan Grangou fè chen manje rakèt Yo pat ankò rele nou botpipèl N al bouske djòb ak libète Yo boure n nan kanntè DPM! Zòt tonbe rele nou botpipèl Nou tap kouri pou Fò Dimanch Nou vin echwe nan Kwòm Avni Se zòt ki rele nou botpipèl Chalè Miyami wete nanm nou Fredi Chikago pete fyèl nou Botpipèl botpipèl botpipèl E poutan an wetan Vyenvyen an yo Ki meriken ki pa moun vini Se nou yo vle rele botpipèl
Nou pa pote dwòg nan dyakout nou Nou pote kouray nou pou n travay
Botpipèl se sa menm botpipèl Nou pa vini pou n bay traka Nou vini ak onè respè nou Se zòt ki rele nou botpipèl
Nou pap pale fò ni rele twòp Men tout botpipèl egal ego Tout botpipèl yo se botpipèl Yonjou naleve na frape pye n Kou nou te fè nan Sendomeng lan Y'a konnen kilès ki botpipèl Jou sa a kit se Kristòf Kolon
Kit s Anri Kisinjè y a konnen Kilès nou menm nou rele pipèl. ! Dirèk pou Miyami
—
138—
Ekri sou yon kaye kenz kòb M ap ekri yon chanson sou yon kaye kenz kòb ti gason san kanson kou tout ti fi san wòb ka li yon bèl chanson sou yon kaye kenz kòb
M ap mete l sou kasèt pou tout timoun koute pou tou sa k vle chante chita tande kasèt fòk nou jwenn yon kote nou sanble pou n chante Chak timoun k al lekòl kou sa k rete lakay kapab aprann pou kò l yon kantite bagay nan sa l chante lekòl ak sa l chante lakay lontan kaye womans demwazèl tap kopye pa te manke lafrans jouk nou rive bliye afòs nou koute rans —
139—
ata ki moun nou ye timoun alèkile ouvri zorèy tande kale je nou gade chwazi byen sa nou vle nou pa bezwen mande ni di tanpri souple
timoun fèt pou konn li son dwa fondal natal
pito se nan liv pal li li sa k gade li tout timoun dwe konn li son dwa fondal natal.
— 140—
Long distans M jwenn sou biwo m 3 Ak 4 lòt chif M di sa a fòk s Ayiti Kafou Fèy M pase 011/509/1/3
etsetera
Ki moun ki reponn? Sa yo rele pitit fi m lan Paske l mache ak yon Dyakout Anba bra l Kote l bare ak de zou twa moun Li voye monte M di 1: Wozan - Wozan, m pa tande ou marye,
Ou fè pitit, ti gason ou ti fi? - Ti gason. - Kouman ou rele l? - Mandela. (Silans)
- W ale? - Non. Ou konnen, kou kè m kontan twòp,
Fòk mwen kriye kanmenm.
Nouyòk Siti Tiktak yon mont brasle piti piti nan bra yon nègès bèl kou yon reklam sou yon pòt ponmad pou fè tèt gridap tounen krinyè swa se Nouyòk Siti Vakam sobwe a ki bondi sot anba tè kou l pase Koloumbya al met fren san venn senkyèm reveye tout moun nan dòmi se Nouyòk Siti M plonje anba dlo m al leve Bwouklin m plonje ankò m tounen Manatann asansè radyo siti a ranmase m li flonnen kè m swasantyèm etaj se Nouyòk Siti Sa m wè la a grenn pwonmennen ni bwa pi wo pa janm ka wè l kou mòn dèyè mòn pi wo pi wo ka dyab bilding dèyè bilding bare syèl mwen men Nouyòk Siti Lò m te rive la nan sezon chalè
m te kwè lanfè pa ta ka wè la —
142—
lò livè limen tout lanp gran jounen m kou yon sourit nan yon frijidè nan Nouyòk Siti Yo te di m papye san dola nan lari te kou fèy chèch sou gran chimen bese leve fin kraze tout do m pou chak dola m resi mare nan Nouyòk Siti Swe kou nou swe redi kou nou redi nou pap wè zetwal leve pou nou tou tan blan pòv ak nèg pòv pa met ansanm pou tout bilding vin menm wòtè nan Nouyòk Siti Si nou te li sa Jefèsonn t ekri
s ak fòs ponyèt nou pou rebat kat la pou pajanm gen nèg k ap mouri grangou ni blan fredi oubyen chalè touye nan Nouyòk Siti
Nou mèt tande nèg pran Chikago kou nèg pran lakomin Atlanta se pankò anyen l pap chanje zikak kote pou nou pete bon deblozay la se Nouyòk Siti Fòk s on deblozay ki trase egzamp jan nèg kou blan kapab viv byen —
143—
nan mitan pil ak dal byennèt blan ak nèg rale rèd ansanm sanble nan Nouyòk Siti
Nou kouri kite Ayiti kouri kite Pòtoriko
kouri kite Dyomeka nou vin bouske lavi
nan Nouyòk Siti
Kou zòt ki kite Langletè zòt ki te pati kite Litali zòt ki te vole kite Filipin te vin bouske lavi nan Nouyòk Siti Kou zòt ki tap kouri pou KKK kite Alabama kite Jyòjya sove pou lougawou pa fin manje pitit yo yo vin chache lavi nan Nouyòk Siti
"NI 1 1
Mi
|
Nou bare ak lanmò nan chak kwen lanmò lèd ak kouto nan dan l lanmò k ap fouye pòch kadav
lanmò sinbèlgwens san koutya nan Nouyòk Siti Gen moun ki pa renmen vil sa a yo di lwoywoy l san nanm mwen menm m konnen se pa vre — 144—
"II
-
!
-
tou sa ki fè lavi a bèl genyen ] nan Nouyòk Siti M konnen li pa manke ni tèt ni kè pou fout Wachintonn yon panzou renmèt Lamerik yon gran wòl pou l jwe ou wè kilès kokenn kado m sere pou Nouyòk Siti Papòt Mezon Blanch la gen yon wanga kou yon prezidan pile l batri tèt li ak batri kè l al bannann s on lòt kote pou koze a regle se Nouyòk Siti Militè Pentagòn yo pi mal toujou tout konpyoutè yo pwograme pou fè yo fè betiz sèlman li lè pou yo vin pran lòd pèp la nan Nouyòk Siti
Nou ta ka chita san lapèrèz nan tyò n pou nou pran van kont nou nan Santral Pak pitit pitit pitit nou ta ka chante ala yon bèl vil al on bèl vil se Nouyòk Siti Sa pa ta pi difisil pase sa si yo te vle pran yon ka dlo Idsonn vese nan Is Rivè plati yon ka Alèm bati yon michan Tou Babèl —
145—
bay Nouyòk Siti
Kote Nasyonzini fin kriye fayit ak delege gouvènman k ap pal anpil yo Tou Babèl sa a se ta pèp la dirèk ki ta pale yon lang pou tout pèp konprann nan Nouyòk Siti Fòk ta foure yon bon jan Linkòln Senntè ak yon Metwopolitann ladan l pou tout moun kapab jwi sa nèg ki sot Nyou Olean pote pou Nouyòk Siti Fòk yo ta brase Bwodwe ak Òfbwodwe bwote yo bò poto mitan Tou Babèl la pou tout pèp la sanble koute sa k nan vant tout bann talan k ap gaspiye nan Nouyòk Siti
Ak tout Ti Jan savan pase wa ak tout lekòl tout pwofesè ak tout jounal tout liv ki pibliye tout radyo tout tele k limen nuit kou jou nan Nouyòk Siti Si yo te vle yo te ka mezanmi ak tout gwo mwayen tout sipèb machin yo pa bezwen plis pase sa si yo te vle yo ta chanje lavi a —
146—
nan Nouyòk Siti
Moun ta travèse sot lòt bò lanmè monte vin wè yon zile k an penpen moun ta degrengole desann N yagara vin tande yon lòt levanjil k ap preche nan Nouyòk Siti Tou sa k t antrav tounen avantaj Wolstrit yon palè mèvèy pou tout timoun lalibète pa ka sèlman yon estati toutòm dwe gen dwa reve kou mwen nan Nouyòk Siti.
— 147—
Ochan pou Nikaragwa
' Pou sa k pa konnen m te m tou di m s on ti nèg mawon ki te gen twa zan sèlman lò marin meriken desann sou Ayiti kou malfini sou yon manman poul lage tout pitit li yo nan patou 2. Fanmi m te esplike m sa Ayisyen te ye kouman gran gran papa m te goumen pou vire yon sitiyasyon ki te lanvè landrèt lò yon pèp te kase chenn lesklavay pou l pwoklame li lib endepandan granmoun pa restavèk okenn lòt 3. Yo esplike m nou sibi yon avilisman pi rèd pase souflèt ak kout pye peyi n pa rele n chè mèt chè mètrès ankò depi nou kite blan debake lakay nou blan nan lang nou vle di etranje m tonbe mawonnen yo nan jounal nan liv —
148—
4, M rive laj pou m aprann tout istwa d Ayiti depi Kristòf Kolon jouk 1915 te gen dekwa pou yon jenn gason ta fyè dekwa tou pou lawont ta pete fyèl li m grandi ak tout rèv mwen plen batay batay m genyen batay m pèdi 5. Menm epòk la menm malfini an yo desann sou Kiba sou Nikaragwa wete nanm tout jenn kòk ki vle chante 8 apre Chalmay Peral mouri tande non l somèy mwen te chaje ak flanbwayan lò m koumanse tande non Sandino
6. Lò sa a Lalmay te mèt vale Lafrans Etazini te mèt deklare lagè Mwen menm nèg mawon lespri m tap gete nan mòn Nikaragwa malfini k desann soti nan Nò pou kaba ras kòk kalite nan Sid yo di Itlè ta kab dechèpiye Lewòp Franko ta kab demantibile Lespay m pa di sa pa fè m lapenn pou yo mwen menm nèg mawon sa ki leve m frape m atè —
149 —
drese m mete m kanpe doubout ankò se nouvèl ki te sot nan bwa Nikaragwa
8. Pètèt pa ta gen Iwochima si pat genyen Pèl Abò sa nèg mawon ye nan vant bèf la men lò meriken leve y envante Somoza epi apre Somoza Somoza pi di m te santi Jan Klod Divalye dèyè
9. Kiben se premye pèp bò isit ki lave lonè kòk kalite nou yo pi lwen Vyetnamyen bay Meriken yo yon leson ki sanble ak kal Ayisyen te fout Franse yo poutan malfini pa gen memwa 10. Kantite vanyan gason ak vanyan fanm ki peri Nikaragwa anvan yo resi derasinen Somoza voye al mouri nan bra Siyaye kote tonton Sam ak tonton Makout ap tete lang lajounen kou lannuit 11, Nou menm nèg mawon ki tap gade sa nou pran kouray
nou fete nou chante ochan ochan
bèl ochan pou Sandino
12; Siyaye ki tande n ap chante bay lòd arete n bat nou jete n nan prizon touye nou S atò nou chante ochan ochan 13. Siyaye pran chenn sanble tout Somozis ki te suiv chèf yo Ozetazini peye tout sanzave li jwenn met sou pye yon lame li rele Kontras pou y al touye kòk kalite ki chape yo 14. Kouman ou vle m pa an kòlè lò m chita Miyami m tande Kongrè meriken ap vote lajan pou lame sa a k pral ansasinen timoun kou granmoun epi montre n sa k ap tann nou kou nreyisi voye Divalye al jwenn Somoza 15. Kouman ou vle m pa an kòlè —
15]—
lò m tande malfini desann sou Lagrenad y al bay yon lòt rekò pou Lamerik rekò pi gwo peyi sou latè beni ki kraze pi piti peyi sou latè modi kouman ou vle m pa an kòlè
16. Li jounal meriken gade televizyon koute radyo tande diskou minis pawòl gran potpawòl entevyou gran lidè si se pa anvayi yo vle anvayi Nikaragwa si se pa yon kout Lagrenad k nan tèt yo ankò se mwen nèg mawon ki pa konprann anyen TZ, Men g anpil neve tonton Sam ki fè kou yo pa konprann sa pèmèt yo dòmi pi byen si yo te konprann yo pa ka dòmi sa m wè pou wou tonton Sam Antwan nan Gonmye pa wè l 18. M rele w tonton m pa neve w m pa renmen w m pa rayi w ou plen neve ki nèg mawon kou mwen se pou sa m ap di w sa yo pa di w w ap pèdi lagè sa a
ak tout ti rès prèstij ou a 19. Lagè w koumanse nan Lamerik Santral la w ap pèdi l kou w te pèdi lagè nan Endochin lan se pa mwen sèl ki wè sa gen kèk neve w tou ki pa pè pale ou bouche zorèy w pou w pa tande yo anpil inosan pral peye pou koupab G anpil nèg mawon Ozetazini nèg mawon nwa nèg mawon blan g anpil nèg mawon nan tout peyi se pou tout mawon toupatou
ta leve pou nou di nou bouke ak tonton blan kou nwa
Yon sèl jan lapè ta reye sou latè fòk Nikaragwa bay Etazini yon grenn kal ka fè Lalmay Lafrans Langletè sezi Litali Lespay Japon reflechi pentagon lan anile tout kòmand zam li yo siyaye revoke tout ansasen l yo Fòk tout ta sanble tout kòk pou nou ka fèmen
nèg mawon nan tout peyi nan yon kokenn chenn Bwa Kayiman kalite nan nò kou nan sid ta kanpe pare yon grenn koukouwouj bèk tout malpalan yo —
153—
ka koupe zèl tout malfini yo
Lò sa a depi Ayiti jouk Chili nou tout ka chante lib Chalmay Peral o ochan bèl ochan pou Sandino Ochan Ochan bèl ochan pou Ayennde.
Pinga touche Mòl Sen Nikola Gen tout yon syèk depi Meriken ap lonje dwè t sou Mòl Sen Nikola patriyòt toujou di yo pa touche Mòl Sen Nikola Jodi a nanpwen patriyòt nan palè a pou di yo pa touche Mòl Sen Nikola nanpwen minis ki pou demisyonnen pou yo pa siyen kontra vann Mòl Sen Nikola nanpwen depite k ap monte alatribin fin pran chenn rache kokad yo pou yo pa vote vann
Mòl Sen Nikola
Kilès nan gouvènman nou wè k ap kanpe pou di non li pap pran lajan madichon sa a met nan pòch li Si nou tout pa pete rele pinga touche Mòl Sen Nikola Si nou tout pa met ansanm pete yon sèl rèl pinga pinga pinga touche Mòl Sen Nikola si nou tout ansanm pa rele
anmwe —
155 —
anmwe pinga touche Mòl Sen Nikola si nou pa rele anmwe pou yo tande nou jouk lòt bò lanmè lò n pa konnen Meriken va pran Mòl Sen Nikola se pou tout pèp Ayisyen leve kriye chalbari dèyè sa k vle vann Mòl Sen Nikola yo Tout pèp Ayisyen sa k anndan kou sa k deyò tout pèp Ayisyen leve rele madichon madichon dèyè sa k vle achte Mòl Sen Nikola yo madichon dèyè sa k vle vann kou sa k vle achte se vòlò y ap vòlò toulede se vòlò yo vle vòlò Mòl Sen Nikola Se pou nou tout rele bare vòlò pa touche Mòl Sen Nikola Anbasad Etazini Pòtoprens demanti pa koute yo ki lò nou konn tande diplomat Meriken ouvri bouch yo pou di laverite Gouvènman Ayisyen demanti tou —
156—
Sa yo rele gouvènman Ayisyen an se non jwèt yon mezon komès k pare pou l likide tout peyi a met lajan sou non pitit madanm bòpè anvan yo kriye fayit vire do yo lage nou tout nan tyouboum Nou kapab se pou nou enpoze yo vann Mòl Sen Nikola
Sa pou blan Meriken fè ak Mòl Sen Nikola pou ranplase Gwanntanamo yo sètoblije renmèt Kiba Se pa jodi a Meriken ap lonje dwèt sou Mòl Sen Nikola fwa sa a yo te vini ak yon gwo bato blanch djip ak plak ofisyèl lamarin Etazini te sot nan vant bato a tonbe woule nan tout chimen Mòl Sen Nikola Meriken desann ak bousòl ak chenn pou yo pran mezi yo plante pik, yo met longvi sou pik pou yo gade anwo gade anba gade agòch gade adwat abitan Ayisyen pa pase kote yo ye se blan —
157—
blan Meriken ki twouve l ap siyen lese pase pou nèg nan peyi nou an mache nan vye chimen nou yo sot nan jaden al lakay yo yo pran tè abitan yo san yo pa renmèt yo yon sèl bout papye ki pote mak jijdepè ni isye pa menm polis riral
Yo met fa ki klere jouk tèt mòn Defòj yo te vle pran Mòl Sen Nikola pou met baz yo la pou yo met tout kalite zam yo pat gen dwa met Gwanntanamo
pou yo met tout djipopo k ap pwezonnen tè kou lanmè Mòl Sen Nikola sa k ba yo dwa debake djip sa k ba yo dwa mache lib nan tout chimen Mòl Sen Nikola kou si yo te nan jaden yo kou si yo te nan lakou yo
Nou konnen byen pwòp sa k ba yo dwa Lò nou mande yo sa y ap fè la a yo reponn se mezire y ap mezire yo reponn yo pral mezire —
158—
a a ooo
tout kòt la manti se Mòl Sen Nikola y ap pran pou yo met baz yo
Depi yon syèk Meriken ap lonyen Mòl Sen Nikola fwa sa a sa k debake yo se militè yo di n yo s apantè yo s enjenyè se kesedyo kesekwann
Moun Bonbadopolis ki te wè yo konstate yo tout se militè epi sa ou tande a se militè Meriken yo k ap bay Ayisyen lese pase nan peyi nou an sa ki ba yo dwa sa a mezon konmès k enstale nan palè nasyonal la pou vann tout byen pèp la pran lajan met nan bank swis Nou di sa pa dwe pase konsa se pou n rele anmwe — 159—
pinga touche Mòl Sen Nikola
Si n pat rele malpouwont yo ta vann Mòl Sen Nikola anvan nou bat jen yadinson bay yo siyen pou katrevendiz an bay katrevendiz an se kou vant aremere chak fwa abitan foure tèt yo nan pèlen vant aremere sa k toujou rive yo pèdi yo toujou pèdi tè yo N a pèdi Mòl Sen Nikola na pèdi plis pase sa na pèdi peyi nou an tout peyi a va pwezonnen ak pwezon atomik
Kote Meriken met baz zèb pa pouse tout pyebwa fennen jete fèy yo tout zwazo mouri
tout sous dlo cheche tout pweson neye pouri nan lanmè
Y ale y a tounen ankò an tèt pare tout Ayisyen k pa vle lawont sa a pete fyèl yo tout patriyòt ki gen nen nan figi yo Ayisyen nan tout pati Ayisyen nan tout relijyon — Mk
160— i
Soti
—
sa k nwa nwa sa k milat milat sa k sot Fondèblan sa k sot Fondènèg sa k pitit pitit Polonè Desalin pat touye yo sa k pitit Boukmann ki te bay tout moun lakominyon nan Bwa Kayiman an sa k katolik sa k pwotestan sa k advantis sa k temwen Jeyova sa k pa gen relijyon ditou Lò nou tout tonbe rele pou n pa toufe etidyan Ayisyen k a Pari etidyan Ayisyen k an Bèljik travayè Ayisyen k Monreyal bòtpipèl k ap rale di nan Florid rezidan k ap swe Chikago
Lò nou tout pete rele na voye nouvèl la ann Afrik na voye nouvèl la Meksiko pou tout Ayisyen kote yo ye
pete yon sèl rèl na voye tep la tounen Bonbadopolis pou patriyòt la yo konnen gen patriyòt k ap rele ak yo pinga touche Mòl Sen Nikola —
161—
Ayisyen k andedan, Ayisyen k andeyò na pete yon sèl eskandal piblik sa va tonbe nan zòrèy yon gwo madanm ki tanzantan nan tan malouk sa a tanzantan kanpe pou l di laverite kanmenm pou tout moun ki vle tande
koze a va tonbe nan zòrèy yon madanm yo rele Enfòmasyon Kab gen yon gran nèg nan Wachintonn Pòs yon gason kanson nan Nouyòk Taym yon nonm ki fè respè l nan jounal Lemonn ki leve yo gaye nouvèl la gen Meriken k nan konplo ak yon mezon konmès nan palè nasyonal Pòtoprens la pou pran Mòl Sen Nikola pandan pèp Ayisyen ap dòmi
Si gwo madanm yo rele Enfòmasyon an soud si pa gen yon sèl gran nèg nan Wachintonn Pòs si pa gen yon sèl gason kanson nan Nouyòk Taym ni yon nonm respektab nan Lemonn ki pou gaye yon nouvèl konsa nou mèt fèmen tout pòt voye kle jete
—
162—
n ale
Anri Kristòf pap reveye anba mòtye Lasitadèl pou l atake bato k ap antre nan larad Mòl Sen Nikola Man Penba kouche kou yon koulèv andòmi li pap tire sou elikoptè ak B52 k ap vole nan syèl nou an Pèsonn pap ban nou ni vann nou zam kredi s on sèl zam nou kab achte ak ti kòb nou an se lapawòl se vwa n ak vwa kèk bon moun ki toujou rele lò tout kapon ak konplis vòlè a yo pe bouch yo men lapawòl yon grenn sanba se betiz vwa yon grenn konpòz pi fèb pase silans nan savann dezole
Si nou tout met ansanm pou nou repete yon sèl pawòl si nou tout nou kanpe pou pa kite Meriken pran pye Mòl Sen Nikola si nou tout bay lavwa dekwa pou yo tande nou sou tout latè ap rele ansanm pinga touche Mòl Sen Nikola y atou konnen sis milyon nèg —
163—
pare pou yo fè ankò sa gran papa papa gran papa nou yo te fè nan yon ti zile nan lanmè karayib la gen prèske desanzan.
|
|
... Ni Latoti
Si nou pat rele fò pou nan Ginen tande se jodi yo tap fè dappiyan sou tout byen pèp la g anpil moun ki ta wòd kontan si koutye ki pran pòz PDG palè a ta jwenn lwe Lil Latòti bay chak minis lajan pa yo an dola pou y al depoze san pwoblèm nan bank swis sis milyon moun pare pou yo rele pinga touche Latòti fwa sa a se pat militè ki te vini se bizismann yo te voye douvan yo chwazi yon bon moman yo konnen palè a s on Mezon Dafè Depi nan tan Benbo Latòti ap atire sanzave se konsa pirat boukanye flibisye pat jwenn lòt kote pou yo te geri bosko yo yo pati la pou yo vin plante sou gwo Zile a sistèm esklavaj pi fewòs ki janm genyen sou latè beni tout moun konnen rès istwa a blan ale nèg ranplase blan blan tounen bay nèg plis leson
`“
—
165—
kouman pou yo maspinen nèg parèy yo blan fè sanblan ale yo tounen an tètpare pi rèd ankò
Pa gen lontan bopè ak bofrè prezidan te sèl chèf nan kontrebann ak dwòg ki te layite kò yo Podpè ak Latòti se pa tripotay sa te nan tout jounal yo t arete bofrè a jije 1 Pòtoriko jete nan prizon Teksas lò li retounen Ayiti tapi wouj te deploye Mayi Gate pou resevwa zewo nasyonal la enben bèl ti gason sa a pèsonn moun pa ka enpoze l pase Miyami al Dominikani sa ki di si li pa gen kòb nan sosyete anonim ki vle jodi a ou denmen achte Latòti a yon si tèlman bon pò kote dwòg gen dwa fè sa li vle Ayiti ta vin ak yon pèp anyen esepte kout ki ranplase
rich e prospè kou Sen Domeng ki pa benefisye anyen
baton ak bal wouzi polis riral komandè Sen Domeng yo
Men plan vant aremere a gen lè l gen pwèv ginen tout moun ap di fòk lachanm vote l koutye a pral degaje l kou mèt Jan Jak pou l voye depite japwouv nan bisantnè a —
166—
|
|
|
| |
| |
|
regle yon zafè prese prese li pa ka rate bizismann yo mèt ale y a tounen ankò wè pa wè se pou yo devlope Latòti Mwen menm te m di w sa m konnen m konnen nèg Latoti k ap bay uitèMiyami renmen peyi yo kou yo renmen manman yo yo ta renmen tounen lò yo kapab al benyen nan lanmè al wè frè yo ak sè yo yo sanble chak fwa yo kapab nan ti klib yo kou moun Grangozye sanble Monreyal kou moun Marigo sanble pou yo sonje lakay sanble pou yo pale nan kasèt voye nouvèl ak yon ti lajan bay fanmi yo pa konsa Italyen ki pati kite Litali kou Grèk ki te pati kite Lagrès kou Libanè ki pati kite Liban al travay lòt kote toujou fè San manman ki soti pou yo vann Latòti yo san lè pou yo bay jete fatra pwezon la san lè pou yo gate tout bèl dlo Lil Latòti ak fatra anpwazonnen pèsonn pa vle nan peyi yo a
pèsonn pa vle lakay yo a san lè pou fè kèk gwo tiyo pase anba tè al nan mitan lanmè kontre kouran Gòlf Estrim anpeste tout oseyan Atlantik la tout bon pweson nèg ak nègès ap sonje
| "m
— a
167 —
pou y al manje lò yo tounen lakay yo tout bon koubouyon pweson y anvi manje ak pweson k fèk peche ak piman k fèk kouyi nan vye jaden vye gran papa yo mouri kite pou yo se sa ki rele lapatri se pa lòt bagay n ajwenn lò nou tounen nan demanbre
wayo wayo wayo wayo Sen Jak Majè monte chwal li kote l prale nan demanbre
m
|
|
|
|
... ni Plantasyon Dofen Si gen yon mo m rayi Sa yo rele rayi jouk kè m tounen kou m tande nan zòrèy mwen se PLANTASYON sa fè m sonje koloni sa fè m sonje Sen Domeng fwèt ap grennen sou do nèg dri kou lapli se yon leson istwa m pap janm bliye Antwan Simon te di plante plante m dakò mil pou san kanta mo plantasyon an m pa vle tande l ni an kreyòl ni an franse lè kon sa m anvi limen yon bwa pen m pa janm vizite Plantasyon Dofen poukisa poutèt non an poutan m te konn moun ki te ret la moun ki te zanmi m prèske fanmi m bon jan Ayisyen bon jan Meriken gen move Ayisyen ak bon Meriken tou pou mwen plantasyon se kou gwo mo elèv lekòl refize li nan silabè franse Antouka lò plantasyon Dofen tap mache nou te bliye mo a nèt afòs pit te bouche je n bouche nen n — 169—
pit te vin okipe premye plas apre kafe Plantasyon Dofen t an penpan plastik soti kote l soti l gate jwèt la anpil gran nèg te benefisye yo fè lajan kou bas nan endistri sandal kou denmon nan endistri sakamen abitan pat si tèlman benefisye se toujou kon sa nèg pa manje pit kokenn dife konn pran nan Plantasyon Dofen lè kon sa yon sèl jan k te genyen pou te touye dife se pou te limen yon lòt dife sou lòt bò lò de dife te kontre yo te boule jouk yo bouke Sa k tande gen piyay pou moun ki gen lajan nan kote ki gen plis pòv k ap mouri grangou kouri vin an Ayiti sa yo vle fè Plantasyon Dofen s on kote pa gen ni taks ni enpo ni dwan tout machandiz antre lib libèt sa yo vle fè ankò s on antrepriz tout bèt kote ou ka jwenn tout bagay esepte sa nèg Ayisyen ka bezwen kontrebann pap gen dwa dazil okenn lòt kote Poutan gen moun ki di bèl bagay sa pap fèt ni jounen jodi a
ni apre madigra fòk ta gen yon lachanm lougawou ki ta vote kontra a
Gen nèg ki di se trak m ap ekri m reponn se sa menm se pa lòt bagay M te di sa depi Dyakout 2 paj 2 gen yon tan pou voye flè gen yon tan pou simen trak lè trak la rive ankò trak pou lage nan mache riral trak pou bliye sou ban nan chapèl trak pou foure anba zòrye timoun kou granmoun ak kèk gwo pawòl ki pou antre nan tèt yo trak pou met sou plak trak pou jwe sou tep m ap ekri trak jouk mayi mi jouk bourik souri ranni sa k pa kontan voye wòch
M pral mande charite nan lari Litèl Ayiti nan lari Bwouklin nan lari Boston pou n fè yon milyon trak poun gaye gratis nan tout mòn lakay Sanvègòy yo mèt lwe pou 99 an Plantasyon Dofen —
171—
yo mèt pran dola blan ki vle achte Plantasyon Dofen yo mèt bale wouze bati lotèl ak sipè mache Plantasyon Dofen yo mèt chase abitan bay blan dwa delivre dantite pou nèg k al travay Plantasyon Dofen pou fè l tounen yon paradi terès pou blan sèlman
M pral mache ak yon kwi toupatou kote k gen Ayisyen mande lajan m fè 5000 kasèt m ap lage gratis nan men malere ki pa dakò Plantasyon Dofen tounen yon Lafrikdisid Premye kote pou n fout dife se nan kat kwen Plantasyon Dofen kou nou tande modòd Desalin lan nan radyo.
Nouvo Testaman An diz nèf san senkant kat M t ekri testaman m M te di m pa vle okenn pè Vin pale laten nan tèt mwen. Jounen jodi a, m pa gen pwoblèm sa a Paske pè pa pale laten ankò. Menm Bondye Sètoblije aprann kreyòl Kou tout lòt blan Ki vin isit Pou fè biznis ak nou.
Sann Ti bwèt ou wè sou fenèt la se sann k a rete
| |
lò yo fin boule kadav mwen men mwen te di w deja sa lanmò ye
ma
di w-ankò
lanmò enben lanmò se kou anvan manman m t ansent mwen.
Men sa n ap jwenn nan Dyakout 1, 2 ,3 ,4
Dyakout 1
Kristyan Bolye o Se bon Ektò Ipolit Oto a pa rete Touris, pa pran pòtre m Men jan sa te pase Mèsi, Desalin
M prale fè yon ti vwayaj nan lalin YA SO fe pet n e . Lapli tonbe 10. Leogan-Difò 11. Bravo, maren 12. Yo di travayè pa gen dwa pran midi 13. M dòmi, m reve m ale sou lanmè
Dyakout 2 Mwen menm ou menm Afich se zam Wòkfèlè
Pye atè Bèl syèl Tonton makout OEA
—
175—
Si legliz Dans
Sa klè Chwal mwen sele
Enstriksyon sivik Antigòn
|
Chouchoun Jak Aleksi Toutouni Dlo Jou dlan
Si pap te konnen Ki lè li ye? Aba
Prejije Nèg nan Pari Jan Jak Desalin Anbwaz Kòb meriken
Filozofiy Samin
Bondye bon
51 52 54 56 57 58 60 61 62 64 66 67 68 69 70 71 72 73 74. 75 77
Dyakout 3
Men Dyakout 3
83 85 90 91 93 98
Chante Zonbi Blan mannan F.M.I. Kosmo —
176—
Pwovens Dede Kontan Rèv
Dyaz Lanbi
Dyakout 4
Sa m di nan sa
Yon veye Mòn Èkil pou Jak Aleksi Botpipèl Ekri sou yon kaye kenz kòb Long distans Nouyòk Siti Ochan pou Nikaragwa Pinga touche Mòl Sen Nikola ... Ni Latoti ... ni Plantasyon Dofen Nouvo Testaman Sann
—
177—
Lòt liv Moriso-Lewa ekri:
Plénitudes, Imprimerie Telhomme
Le destin des Caraibes, Widmayer Récolte, Widmayer Natif Natal, Imprimerie de l'Etat Diacoute, Deschamps
Antigone en Créole, Deschamps Diacoute 2, Nouvelle Optique Kasamansa, Nouvelles Editions Africaines Jadinkréyòl, Nouvelles Editions Africaines Roua Kreon Vilbonè, Jaden Kreyòl Ravinodyab, L'Harmattan
Dyakout 1, 2, 3, Jaden Kreyòl
!
"Vous le voyez bien, la | question d'une littérature en langue créole - peut étre résolue par
l'affirmative".
.
(Jean Price Mars, "De Saint
Domingue
a
Haiti", ou il reproduit in
extenso un long poème de Dyakout.)
"Lang lan, s on enstriman, se yon tanbou. Tout tanbou se tanbou. Men tout tanbouyè pa Ti Wowo. Moriso-Lewa s on Ti Wowo, lò l ap anplwaye kreyòl pou | fè pwezi. (Doktè Pradèl Ponpilis nan yon konferans li bay an Ayiti, 29 fevriye 1984.) "Men Moriso, se nèg, se nan esans pèp la li pran tou sa li di". (Emanyèl Anbwaz, zanmi d anfans pwèt la, nan yon diskou nan gwo fèt Askonna òganize 29 fevriye 1984, Pòtoprens.) "Lonbrit Moriso mare ak Ayiti, Lonbrit Moriso mare ak Lafrik,
Li mare ak pèp ayisyen, Li mare ak tout nèg nwè". (Pòl Larak) Moriso Lewa "is one of the most famous living poets". (Bernard Diedrich, representative of Times Magazine in the Caribbean)
`
"Even when the people foryet who Francois Duvalier was, they will remember Moriso-Lewa and they will understand that this writer went beyond chronicling the treachery of a single dictator to the universal tale of bad kings ruling through bad sons." (Dr. Léon Hoffman, Princeton University, in Miami Herald, April 29, 1982) Si
"Pwezi Moriso-Lewa, se yon pwezi ki makònen ak tout tray, ak tout tribilasyon, men ak tout lespwa tout pèp ayisyen an. Se pou sa nou rele I papa literati kreyòl la". (Mari Masèl Bito Rasin, ki tradui prèske tout Dyakout an anglè.)
$11.95
— $ Vi
ISBN 944987-69-9 =